Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Vladimir Chesnokov, frè Vladimir Dutkin ak frè Valeriy Yakovlev.

7 JANVYE 2022
LARISI

Frè Vladimir Chesnokov, frè Vladimir Dutkin ak frè Valeriy Yakovlev ale devan tribinal akoz lafwa yo gen nan Bondye

Frè Vladimir Chesnokov, frè Vladimir Dutkin ak frè Valeriy Yakovlev ale devan tribinal akoz lafwa yo gen nan Bondye

MIZAJOU | Tribinal Larisi Kondane Twa Temwen

Tribinal Tcheboksari nan distri Kalininski gen pou fè konnen desizyon yo pran nan ka ki konsène frè Vladimir Chesnokov, frè Vladimir Dutkin ak frè Valeriy Yakovlev. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 7 jen 2021

    Yo ajoute ka Vladimir Chesnokov ak ka Valeriy Yakovlev la nan ka yo te deja ap trete a.

  2. 30 desanm 2020

    Yo lage akizasyon kriminèl sou do Vladimir Dutkin, e li pa ka vwayaje al kote l vle.

  3. 25 novanm 2020

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont Vladimir Dutkin, apre sa yo fouye kay li. Yo t al avèk li pou yo poze l kesyon.

Enfòmasyon pèsonèl

Lefètke frè ak sè nou yo medite sou Pawòl Bondye a, sa ede yo fè fas ak pwoblèm yo jwenn chak jou e sa ede yo wè jan Jewova kache yo nan “abri l la nan jou malè a”. — Sòm 27:5.