Al gade sa k anndan l

De frè nan peyi Larisi k ap reflechi sou egzanp fanmi yo kite kòm moun ki te fidèl. Agoch (anlè): Frè Oleg Danilov. Agoch (anba): Gran paran Oleg yo, anpalan de frè Fyodor Rigel ak Yekaterina, madanm li. Adwat (anlè): Frè Vladimir Ermolaev, Jr. Adwat (anba): Gran paran Vladimir yo, anpalan de frè Valentin Ermolaev ak Anna, madanm li, ak papa Vladimir lè l te piti

15 NOVANM 2021
LARISI

Frè ak sè nan peyi Larisi yo jwenn fòs nan egzanp frè ak sè nan tan lontan ki te gen lafwa

Frè ak sè nan peyi Larisi yo jwenn fòs nan egzanp frè ak sè nan tan lontan ki te gen lafwa

Frè Oleg Danilov ak frè Vladimir Ermolaev, Jr. se de Temwen Jewova pami anpil lòt Temwen Jewova nan peyi Larisi ki te rive andire pèsekisyon avèk jwa. De frè sa yo ki gen kouraj esplike sa ki te ba yo fòs se egzanp fanmi yo te bay nan tan lontan kòm moun ki te gen kouraj ak lafwa.

OLEG DANILOV

Fyodor ak Yekaterina Rigel, gran paran Oleg, te vin Temwen Jewova an 1958. Lè gouvènman nan peyi Larisi t ap pèsekite Temwen Jewova yo, otorite yo te fouye kay fanmi Rigel, yo te sezi kay yo e yo te kondane Fyodor pou l peye amann. Malgre pèsekisyon sa a, Fyodor te kontinye ede fanmi l adore Jewova regilyèman.

Pandan Alfred ak Ella (manman Oleg), pitit Fyodor ak Yekaterina, t ap grandi, yo te konn fawouche yo e yo te konn pèsekite yo. Yo menm tou yo te gen yon lafwa solid e yo te rete fidèl ak Jewova. Pi devan, lè yo te mande Alfred pou l rantre nan lame, li pa t dakò ditou, okontrè, li te pase twazan nan prizon.

Menm jan ak Alfred, tonton Oleg Danilov, yo te kondane Oleg pou l pase twazan nan prizon poutèt lafwa l. Li nan prizon depi mas 2021, sa ki fè li pa menm kote ak Nataliya, madanm li, ak de pitit gason yo genyen, anpalan de Ilya ak Nikita. Fanmi Danilov kwè Jewova ap ede yo andire, menm jan li te ede granparan Oleg yo ak tonton l.

Frè Oleg Danilov ak Nataliya, madanm li, ak pitit gason yo, anpalan de Nikita (agoch) ak Ilya (adwat)

Oleg di: “Byen souvan, mwen reflechi sou jan fanmi m ak lòt frè ak sè nan Inyon sovyetik la te rive fè pou yo pa t jis andire, men pou yo te andire avèk jwa.” Men sa li ajoute: “Pou mwen, sa se yon gwo prèv ki montre jis nan ki pwen lespri Jewova pisan. Mwen gen konviksyon mwen menm ak fanmi m ap ka andire avèk jwa.”

VLADIMIR ERMOLAEV, JR.

Frè Vladimir Ermolaev, Jr., ak Valeriya, madanm li

Anna Ermolaeva, granmè Vladimir, Jr., te aprann laverite an 1953, nan bouk Serebrovo, nan rejyon Ikèsk. Se premye moun nan bouk la ki te batize antanke Temwen Jewova. Anna te fè fas ak gwo opozisyon li te jwenn nan men vwazen l, e menm manman l pa t janm pale avè l ankò.

Lè otorite yo te aprann Anna t ap preche, yo te akize l kòmkwa li se yon danje pou Vladimir, Sr., pitit gason li an, e yo te menase pou yo pran l nan men l.

Frè ak sè nan kongregasyon Anna te ye a te ekri yon lèt ki konfime li se yon bon manman. Yon frè te pote lèt la nan vil Moskou e li te bay Nikita Khrushchev li, ki te yon lidè nan epòk la. Yon bagay ki enteresan sèke Khrushchev te bay lòd pou egzamine kesyon an. Anna te inosan, e otorite yo pa t pran pitit gason l lan nan men l.

Anna te gen yon pitit fi tou ki rele Nadezhda. An 1970, yo te ospitalize l akoz yon gwo doulè li te gen nan lestomak. Doktè yo te opere Nadezhda san yo pa t fè bonjan analiz pou wè sa l genyen. Pandan operasyon doktè yo te kouri fè a, yo te ensiste pou yo ba l san. Ni manman an ni pitit fi a pa t vle fè konpwomi ak lafwa yo. Doktè yo pa t okipe sa yo te vle a, yo te bay Nadezhda san ki te depaman ak san pa l. Malerezman, li te mouri yon ti tan annapre. Pou otorite nan zòn nan te kache erè yo te fè a, yo te fè distribye yon atik nan yon jounal kote yo te kondane Anna kòmkwa li te sakrifye pitit li a, sa ki te yon manti kri.

Jan bagay yo te mal pase a te gen yon efè moun pa t atann sou Valentin, mari Anna a. Li te toujou kite Anna anseye timoun yo prensip ki nan Bib la, men li menm li pa t aplike yo. Lè li te wè jan kwayan parèy Anna yo te soutni fanmi l nan moman difisil sa a, li te deside etidye Labib e li te vin Temwen Jewova.

Frè Vladimir Ermolaev, Sr., ak Lyubov, madanm li

Anna ak Valentin te kontinye bay Vladimir, Sr., pitit gason yo a fòmasyon pou l suiv prensip ki nan Bib la. Lè li te vin gran, li te marye ak yon sè ki fidèl ki rele Lyubov. Vladimir ak Lyubov, bò kote pa yo, te anseye Vladimir, Jr., pitit gason yo a, pou l gen gwo apresyasyon pou bagay espirityèl yo.

An fevriye 2020, otorite yo te rantre ak fòs lakay Vladimir, Jr., ak Valeriya, madanm li. Yo te arete Vladimir, Jr., yo te kenbe l nan pòs polis la e li te ret nan prizon pandan prèske de mwa. Kounye a, l ap tann desizyon tribinal la ap pran paske yo akize l kòm moun k ap òganize aktivite pou yon òganizasyon yo entèdi. Si yo jwenn li koupab, li ka pran jiska 15 an prizon. Vladimir, Jr. pa ret ap panse sou santans yo ka ba li, okontrè, li reflechi sou egzanp paran l yo ak granparan l yo kite kòm moun ki te fidèl.

Men sa l di: “Se yon privilèj pou n ap soufri pou non Papa nou an. Paran m yo ak granparan m yo te andire sitiyasyon ki difisil e yo te rete fidèl. M ap ka fè menm jan an.”

Menm jan ak Oleg ak Vladimir, Jr., anpil Temwen nan peyi Larisi gen anpil rekonesans pou bèl egzanp fanmi yo ki Temwen te kite kòm moun ki fidèl. Nou swete nou tout ap reflechi ak egzanp moun ki te andire nan tan lontan yo ak moun k ap andire kounye a, e nou swete nou “imite lafwa yo”.— Ebre 13:7.