Al gade sa k anndan l

Agoch: Sè Darya ak sè Venera Dulova. Adwat: Frè Aleksandr Prianikov ak Anastasiya, madanm li. Nan mitan: Sè Svetlana Zalyaeva

20 JANVYE 2022
LARISI

Frè ak sè nou yo nan vil Kapinsk konte sou Jewova e yo kontinye gen yon lafwa ki djanm

Frè ak sè nou yo nan vil Kapinsk konte sou Jewova e yo kontinye gen yon lafwa ki djanm

Tribinal rejyon Svèdlòvsk nan vil Kapinsk gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène sè Darya Dulova, sè Venera Dulova, frè Aleksandr Prianikov ak sè Anastasiya Prianikova, madanm li, ak sè Svetlana Zalyaeva. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 27 janvye 2020

    Yon tribinal fè kondane Aleksandr, Darya ak Venera nan yon premye jijman.

  2. Fevriye 2020

    Yo ouvri yon dezyèm ankèt kriminèl kont Aleksandr, Darya ak Venera.

  3. 30 mas 2020

    Otorite yo te fouye kay moun yo te akize yo epi pran aparèy elektwonik yo genyen.

  4. 19 mas 2020

    Yo te ajoute dosye Anastasiya ak dosye Svetlana nan ka a. Yo te bay toule de sè yo lòd pou yo pa kite zòn nan.

  5. 29 avril 2021

    Pwosè a te kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Byenke yo kontinye pèsekite frè ak sè nou yo nan Larisi, se pa ti fòtifye sa fòtifye lafwa nou lè nou wè jan Jewova pran swen yo epi ede yo. Kòm rezilta, lafwa yo ki pase anba eprèv bay non Jewova “louwanj, glwa ak onè”. — 1 Pyè1:7.