Al gade sa k anndan l

Anwo agoch: Frè Pyotr Filiznov. Anba agoch: Frè Andrey Vyushin. Adwat: Frè Aleksandr Kuznetsov ak Mariya, madanm li.

13 FEVRIYE 2023
LARISI

Gen twa fanmi nan Yawoslavl k ap sibi pèsekisyon

Gen twa fanmi nan Yawoslavl k ap sibi pèsekisyon

Nan dat 30 oktòb 2023 a, tribinal distri Djezinski nan Yawoslavl aksepte yon pati nan apèl frè Pyotr Filiznov ak frè Andrey Vyushin te fè. Yo redui santans prizon yo t ap ba yo si yo ta arete yo ankò pou menm bagay yo. Olye sizan edmi prizon, kounye a se dezan edmi. Santans frè Aleksandr Kuznetsov ak Mariya, madanm li, pa chanje.

Nan dat 3 out 2023 a, tribinal distri Djezinski nan Yawoslavl kondane frè Pyotr Filiznov, frè Andrey Vyushin, frè Aleksandr Kuznetsov ak sè Mariya Kuznetsova, madanm li. Yo bay yo chak la yon santans kote y ap mete yo nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo. Frè Andrey ak frè Pyotr te jwenn santans sizan edmi prizon. Frè Aleksandr ak sè Mariya te jwenn santans dezan edmi prizon. Yo pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konviksyon, menm jan ak kat Temwen Jewova fidèl sa yo, nou kapab pami moun ‘ki mete konfyans yo nan Jewova e ki pa ka brannen’. — Sòm 125:1.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 3 avril 2021

    Yo mete yo nan detansyon pwovizwa apre otorite yo te fin fouye kay yo.

  2. 15 avril 2021

    Yo voye yo nan prizon annatandan yo jije yo.

  3. 14 jiyè 2021

    Yo lage yo men yo pa ka vwayaje al kote yo vle.

  4. 9 septanm 2022

    Pwosè a kòmanse.