Al gade sa k anndan l

Frè Inver Siyukhov

18 ME 2022
LARISI

Jewova bay frè Inver Siyukhov anpil fòs

Jewova bay frè Inver Siyukhov anpil fòs

Tribinal vil Maykopski nan repiblik Adigeya gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Inver Siyukhov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 15 avril 2021

    Yo akize l paske l t ap fè reyinyon pa mwayen videyo konferans.

  2. 16 avril 2021

    Otorite yo te fouye kay frè Inver ansanm ak kay kat lòt Temwen Jewova. Yo te poze frè Inver kesyon e yo te mete l nan detansyon pwovizwa.

  3. 17 avril 2021

    Yo te mete l nan prizon annatandan yo jije l.

  4. 15 out 2021

    Yo te voye l nan yon prizon ki anba gwo pwoteksyon nan yon distans 110 kilomèt ak Maykop.

  5. 13 septanm 2021

    Jijman an te kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans frè ak sè nou ki nan peyi Risi ap “kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan fòs li ki pisan”. — Efezyen 6:10.

a Lefètke frè Siyukhov nan prizon annatandan yo jije l, nou pa t kapab pale avè l pou n jwenn kòmatè nan men l.