Al gade sa k anndan l

Sè Lyudmila Zinina

8 OUT 2024
LARISI

‘Jewova se Sila a ki se refij mwen e k ap pwoteje m’

‘Jewova se Sila a ki se refij mwen e k ap pwoteje m’

Tribinal distri Viselkovski nan tèritwa Krasnoda gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène sè Lyudmila Zinina. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Menm jan ak Lyudmila, nou menm tou se pou nou gen lafwa solid nan Jewova, Bondye nou an, Sila a ki pap janm abandone moun ki mete konfyans yo nan li. —Detewonòm 31:6.

Dat ak kote evènman yo te pase

  1. 13 fevriye 2022

    Yo te fouye kay kote Lyudmila, mari l ak Irina, pitit fi yo a, ap viv la

  2. 23 me 2023

    Yo te ouvri yon dosye swadizan kriminèl kont li. Yo te akize l kòmkwa l ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon ekstremis paske l ap pale de kwayans li

  3. 9 jen 2023

    Yo ajoute non sè Lyudmila sou lis moun peyi Larisi konsidere kòm ekstremis

  4. 11 jiyè 2023

    Yo entèdi l vwayaje pou l al kote l vle

  5. 8 fevriye 2024

    Pwosè a kòmanse