Al gade sa k anndan l

Sè Olga Zhelavskaya

17 JANVYE 2023
LARISI

“Jewova toujou toupre m”

“Jewova toujou toupre m”

Tribinal distri Metalougitcheski nan Tchelyabinsk gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsènen sè Olga Zhelavskaya. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans kèlkeswa eprèv sèvitè Jewova yo jwenn, yo “pap janm brannen” paske Jewova ap soutni yo. — Sòm 16:8.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 16 jen 2018

    Otorite yo te kòmanse siveye aktivite sè Olga, yo te mete kamera nan kay li pou yo ka tande e pou yo ka wè sa l ap fè.

  2. 26 mas 2019

    Yo te fouye kay li nan kad ankèt y ap mennen sou frè Vladimir Suvorov.

  3. 31 out 2021

    Yo te ouvri yon ankèt kont li. Yo te akize l kòm moun k ap soutni aktivite yon òganizasyon ki estremis paske li dakò yo fè reyinyon lakay li.

  4. 22 oktòb 2021

    Li te fè yon stwok e li te entène lopital.

  5. 28 septanm 2022

    Pwosè a kòmanse.