Al gade sa k anndan l

Twa nan plis pase 80 frè ak sè nan peyi Larisi yo kondane pou al nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò.

14 OKTÒB 2021
LARISI

Ki jan lavi plis pase 80 Temwen Jewova ye apre yo fin kondane yo pou y al nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò?

Ki jan lavi plis pase 80 Temwen Jewova ye apre yo fin kondane yo pou y al nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò?

Depi avril 2017, lè peyi Larisi te entèdi aktivite Temwen Jewova yo, gen plis pase 500 frè ak sè yo arete e yo lage akizasyon sou yo kòmkwa yo se ekstremis. Gen anviwon 40 Temwen yo kondane pou al nan prizon, e gen 15 lòt yo kondane pou peye amann. Gen plis pase 80 Temwen yo kondane pou al nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò. Se vre yo pa mande pou y al nan prizon pou kounye a, men santans yo ba yo a pa jis e sa lakòz gwo konsekans.

Selon Kòd kriminèl peyi Larisi, yon jij gen pouvwa pou l kondane yon moun pou l al nan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò, konsa moun nan pa bezwen al nan prizon menm kote a. Lè sa a, jij la ap tou fè konnen pandan konbyen tan y ap suiv moun nan pou wè si l pa vyole yon seri kondisyon oswa restriksyon jij la te bay, sa ki ka fè yo mete moun nan nan prizon. Donk, si tribinal la wè moun nan vyole restriksyon yo oswa kondisyon yo, li ka kondane l pou l al nan prizon pou l pase kantite tan yo te bay nan premye santans lan.

Lè yo kondane yon moun pou l al nan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò, ki jan lavi a ye pou li? E ki jan Jewova ede frè ak sè nou yo ki nan sitiyasyon sa a? Nou te fè entèvyou ak kèk nan yo yo te kondane pou fè ant dezan a sizan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò. Yo esplike difikilte yo jwenn ak fason Jewova ede yo andire.

Ti apèsi sa a nou genyen sou jan lavi a ye pou moun yo kondane pou al nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò pouse nou priye plis toujou, e espesyalman pou yo menm ak fanmi yo. Eksperyans yo fè bay plis prèv toujou ki montre Jewova reponn priyè konsa nou fè e li ede sèvitè fidèl li yo nan tout kalite eprèv yo ye. — 2 Korentyen 1:3, 4.