Al gade sa k anndan l

Frè Sergey Kuznetsov

6 JANVYE 2023
LARISI

“Konfyans mwen nan Jewova ap vin pi djanm chak jou”

“Konfyans mwen nan Jewova ap vin pi djanm chak jou”

Tribinal nan vil Nevinomisk nan tèritwa Stavropòl gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Sergey Kuznetsov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Fason Jewova pran swen Sergey fè n vin gen plis konfyans toujou li wè tout soufrans nou yo e l ap ‘leve nou anlè, l ap pote n’ pou n ka rive fè fas ak kèlkeswa difikilte n ap rankontre. — Ezayi 63:9.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 21 novanm 2018

    Otorite yo te rantre ak fòs lakay Temwen Jewova yo, sa gen ladan l kay Sergey tou, nan Nevinomisk.

  2. 12 desanm 2019

    Yo te ouvri yon ankèt kriminèl.

  3. 18 jen 2020

    Yo mete non frè Sergey nan lis moun ki ekstremis.

  4. 31 me 2022

    Yo mete entèdiksyon pou l vwayaje.

  5. 7 septanm 2022

    Pwosè a kòmanse.