Al gade sa k anndan l

Frè Maksim Morozov ak frè Yuriy Usanov.

24 OUT 2022
LARISI

Lè yo pa konsantre sou tèt yo, sa ede yo andire pandan yo nan prizon

Lè yo pa konsantre sou tèt yo, sa ede yo andire pandan yo nan prizon

Tribinal Kemerovo nan vil Taiginski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Maksim Morozov ak frè Yuriy Usanov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 1ye avril 2021

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont Yuriy paske l ap òganize reyinyon pou yon òganizasyon relijye yo entèdi.

  2. 2 avril 2021

    Otorite yo fè twazèdtan ap fouye kay Yuriy. Yo te arete l epi mete l nan nan prizon annatan yo jije l.

  3. 4 out 2021

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont Maksim.

  4. 6 out 2021

    Yo arete Maksim e yo kenbe l nan prizon pandan tout nuit lan.

  5. 7 out 2021

    Yo lage akizasyon kriminèl sou do Maksim, e yo mete l nan prizon annatandan yo jije l.

  6. 16 me 2022

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou konnen se pa ti renmen Jewova renmen frè ak sè sa yo paske yo pa konsantre sou tèt yo. Nou gen konviksyon l ap kontinye beni yo depi kounye a, e l ap beni yo plis toujou alavni. — Ebre 11:26.

a Pandan nou t ap prepare atik sa a, frè Usanov te nan prizon annatandan yo jije l. Li pa t posib pou nou te jwenn kòmantè nan men l.