Al gade sa k anndan l

Frè Anton Ostapenko.

28 AVRIL 2021
LARISI

Lapriyè ak kantik Wayòm yo te ede frè Anton Ostapenko pandan l te nan detansyon pwovizwa

Lapriyè ak kantik Wayòm yo te ede frè Anton Ostapenko pandan l te nan detansyon pwovizwa

MIZAJOU | Tribinal la kondane frè Ostapenko

Nan dat 25 oktòb 2021 an, tribinal vil Charipovo a, nan tèritwa Krasnoyask, kondane frè Anton Ostapenko pou sizan twa mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Anton Ostapenko

  • Dat ak kote li fèt: 1991 (Ekibastouz, Kazakstan).

  • Byografi: Li t ap travay nan yon santral elektrik kote li te konn verifye aparèy ki genyen yo. Li menm ak sè l la te aprann laverite grasa manman yo. Lè sa a, li te adolesan. Li te batize antanke Temwen Jewova nan ane 2005.

    Li te marye ak Natalya nan ane 2015. Yo renmen monte ski sou nèj. Epitou, Anton renmen jwe gita, fè lapèch ak jwe tenis.

Sa k te pase

Nan dat ki te 19 avril 2019 la, otorite nan Charipovo yo t al fouye kay dis Temwen Jewova e yo te poze frè ak sè ki te la yo kesyon. Yo te arete frè Anton Ostapenko e yo te kenbe l nan prizon jiskaske yo lage l nan dat ki te 20 desanm 2019 la. Yo te akize l kòmkwa l ap òganize aktivite pou yon òganizasyon “ekstremis”.

Pandan sis mwa Anton te nan prizon an, gendelè li konn kriye akoz fristrasyon li genyen. Men, li te konn fè sa devan lavobo ki nan selil li a yon fason pou l ka bay kamera a do.

Lapriyè te vin prensipal bagay ki bay Anton fòs. Men sa l di: “Mwen te sipliye Jewova pou l ede m vin gen plis andirans.” Men sa l ajoute: “Mwen te gen anpil bagay pou m aprann. Relasyon m ak Jewova vin pi solid toujou […]. Yon bagay ki enteresan sèke lè se ou k ap fè fas ak sitiyasyon difisil [tankou sitiyasyon sa a], se tankou w fin fè teyori kounye a w ap fè pratik. Anfèt, pa toujou gen yon Bib nan selil ou ye a. Anvan m t al nan prizon, mwen te jis li kèk bagay sou Jewova, men nan prizon an, Jewova montre m ki kalite Bondye li ye. M te renmen sa anpil! Li pa sèlman Bondye Toupisan an, men li se yon Papa ki renmen m ki vrèman konprann sitiyasyon m e ki te pare pou l ede m epi soutni m nan fason mwen pa t menm imajine, e li te toujou fè sa nan bon moman an.”

Kantik Wayòm yo te ankouraje l tou. Li di: “Mwen menm ak madanm mwen te toujou konn chante ansanm, sa ki ede nou sonje kantik yo. Sa te ede m anpil nan prizon an. Lè yo fin etenn limyè yo, mwen te renmen priye epi chante yon kantik, e sa te ede m dòmi ak yon kè ki kalm.”

Pandan Anton ap tann desizyon tribinal la ap pran nan ka pa l, li kontinye fè travay pwofàn li. Men, yo pa ba l otorizasyon kite zòn Charipovo a, sa ki fè l pa ka mennen manman l nan randevou kay doktè.

N ap priye Jewova toutpandan nou gen konfyans l ap kontinye bay frè k ap andire pèsekisyon yo lapè yo bezwen. — Jan 14:27.