Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat, premye ranje a: frè Yuriy Geraskov, frè Maksim Khalturin, frè Vladimir Korobeynikov ak frè Andrzej Oniszczuk. Dezyèm ranje a: frè Andrey Suvorkov, frè Yevgeniy Suvorkov ak frè Vladimir Vasilyev.

22 AVRIL 2021
LARISI

Lapriyè, etid pèsonèl ak ankourajman ki soti nan Bib la ede frè yo andire pandan plizyè mwa yo te pase nan prizon anvan yo jije yo

Lapriyè, etid pèsonèl ak ankourajman ki soti nan Bib la ede frè yo andire pandan plizyè mwa yo te pase nan prizon anvan yo jije yo

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Pèvomayski nan vil Kiròv gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Maksim Khalturin, frè Vladimir Korobeynikov, frè Andrzej Oniszczuk, frè Andrey Suvorkov, frè Yevgeniy Suvorkov ak frè Vladimir Vasilyev. a

Frè Yuriy Geraskov, ki te gen akizasyon sou do l nan menm ka sa a tou, mouri anvan tribinal la fè konnen desizyon li pran.

Enfòmasyon pèsonèl

Yuriy Geraskov

  • Dat ak kote li fèt: 1956 (Azèbayidjan).

  • Dat li mouri: 24 avril 2020

  • Byografi: Lè l t ap grandi, li te renmen foutbòl ak fotografi. Li te travay pou yon gwo òkès. Li t al viv nan peyi Larisi an 1993 akoz sitiyasyon politik ki te genyen nan Azèbayidjan. Li te marye ak Alevtina an 2011. Yo te batize antanke Temwen Jewova nan menm ane a. Koup la renmen al mache epi vizite zanmi yo genyen.

Maksim Khalturin

  • Dat ak kote li fèt: 1974 (Kiròv, rejyon Kiròv).

  • Byografi: Lè l te timoun, li te vin renmen li. Li te vin enterese ak Labib nan ane 1993. Li te batize antanke Temwen Jewova nan ane 1995. L ap pran swen paran li ki aje. Yo pa gen pwoblèm ak relijyon li ye a, menmsi yo menm yo nan yon lòt relijyon.

Vladimir Korobeynikov

  • Dat ak kote li fèt: 1952 (Zile Dikson, tèritwa Krasnoyask).

  • Byografi: Papa l te yon syantifik ki etidye Oseyan Atik la. Lè Vladimir te piti, li te renmen fè ti modèl bagay li wè. Li te travay kòm plonbye e kòm operatè sou machin. Kounye a, li pran retrèt li e li renmen fè lapèch.

    Li menm ak Òlga, madanm li, te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan kòmansman ane 1990 yo. Sa ki te sitou touche l se pwofesi ki nan Bib la. Li te batize an 1996. Prensip ki nan Bib la te ede fanmi l, sa gen ladan l yon pitit fi ak yon pitit gason ki fin gran.

Andrzej Oniszczuk

  • Dat ak kote li fèt: 1968 (Byałistòk, Polòy).

  • Byografi: Lè l te jèn, li te renmen jwe foutbòl ak leve pwa lou. Li te batize an 1990. Li t al viv Kiròv an 1997. Li renmen literati ris la. Li te marye ak Anna an 2002. Yo renmen pase tan deyò, ranmase chanpiyon, ak jwe foutbòl.

Andrey Suvorkov

  • Dat ak kote li fèt: 1993 (Kiròv, rejyon Kiròv).

  • Byografi: Manman l te anseye l laverite depi l toupiti. Lè l te timoun, li te renmen etidye lasyans ak pratike spò, sitou volebòl. Li te batize antanke Temwen Jewova an 2007. Li te travay nan yon sant tretman pou moun ki pran dwòg. Li te fè travay sa a nan plas sèvis militè. Li te marye ak Svetlana an 2016. Yo renmen pratike spò.

Yevgeniy Suvorkov

  • Dat ak kote li fèt: 1978 (Kiròv, rejyon Kiròv).

  • Byografi: Lè l te piti, li te renmen jwe echèk ak òki, epi koute mizik. Li te travay kòm elektrisyen. Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo lè l te gen 16 an. Li te batize an 1995. Lè l te gen 18 an, li te mande fè yon lòt sèvis nan plas sèvis militè. Finalman, se apre sis pwosè yo te pèmèt li fè lòt sèvis nan plas sèvis militè. An 2000, li te marye ak Svetlan ki gen yon pitit gason ki rele Andrey (yo pale de li pi wo a).

Vladimir Vasilyev

  • Dat ak kote li fèt: 1956 (Pèm).

  • Byografi: Lè l te timoun, li te renmen jwe foutbòl. Li te travay kòm plonbye e li se chofè. Kounye a, li pran retrèt li. Li menm ak Nadezhda, madanm li, te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan kòmansman ane 1990 yo. Li te batize an 1994.

Sa k te pase

Nan dat ki te 9 oktòb 2018 la, otorite yo te fè fouy nan 14 kay Temwen Jewova nan Kiròv. Se sa k fè, yo te mete frè Maksim Khalturin, frè Vladimir Korobeynikov, frè Andrzej Oniszczuk, frè Andrey Suvorkov ak frè Yevgeniy Suvorkov nan prizon. Yo te mete yo yon kote yo konn mete moun annatandan yo jije yo. Nan mwa janvye ak jiyè 2019, yo te lage akizasyon tou sou frè Vladimir Vasilyev ak frè Yuriy Geraskov.

Yo te kenbe Vladimir Korobeynikov nan prizon pou plis pase de mwa. Apre sa, yo te kite l al lakay li pou l pran swen madanm li ki malad e pou l pran swen pitit fi l, men li pa t ka kite kay li pou l al kote l vle. Maksim ak Andrey te pase plis pase twa mwa kote yo mete moun annatandan yo jije yo. Yo te kenbe Yevgeniy nan prizon pandan anviwon senk mwa. Andrzej li menm te pase 327 jou kote yo mete moun annatandan yo jije yo. Yo te vin kite anpil nan frè sa yo retounen lakay yo, men yo pa t ka kite kay yo pou y al kote yo vle, oswa pou yo kite zòn y ap viv la.

Sa pa t fasil pou frè yo pandan yo te kenbe yo a paske yo pa t ansanm ak fanmi yo. Men, yo te gen konfyans Jewova t ap pran swen moun pa yo yo renmen yo.

Pa egzanp, Olga, madanm Vladimir Korobeynikov, andikape. Men sa frè nou an di: “Sa ki te pi difisil pou mwen se paske mwen konnen mwen kite madanm mwen poukont li nan kay la san pa gen moun pou ede l.” Li fè konnen yo te pran telefòn madanm li pandan fouy ki te fèt la. Sa te bay Vladimir anpil pwoblèm jiskaske li te resevwa yon lèt youn nan sè nan kongregasyon an te voye pou li pou ba l asirans y ap pran swen madanm li. Annapre, li te resevwa yon lèt ki vrèman ankourajan Olga te voye pou li pou asire l li byen.

Lefètke frè yo pa ka deplase al kote yo vle, epi yo mete etikèt sou do yo kòmkwa yo se ekstremis, sa te vin lakòz plis pwoblèm. Pa egzanp, li te difisil pou yo jwenn bon travay. Mete sou sa, yo pa t ka gen aksè ak kont yo gen labank.

Men sa Yevgeniy di: “Jewova te fè nou jwenn tout sa nou bezwen yo agogo. Menm jan ak Izrayelit yo ki te nan dezè a, nou pa t manke anyen. Nou wè aklè jan pèp Jewova a pran swen nou nan domèn materyèl, jan yo ankouraje nou ak jan yo ede nou rete pwòch ak Jewova.”

Frè yo di lapriyè, etid pèsonèl ak lekti Labib te ede yo kontinye gen kouraj epi rete djanm. Pa egzanp, Vladimir Vasilyev esplike: “Evènman Bib la pale de yo yo ede nou konprann Jewova gen kontwòl tout bagay. Mete sou sa, lafwa nou gen nan Bondye vin pi solid, e nòmalman, nou vin gen plis konfyans nan li.”

Byenke ka a te lakòz gwo difikilte pou frè ak sè nou renmen yo ak fanmi yo, nou konnen y ap kontinye mete konfyans yo nan Jewova. Yo kontinye andire, toutpandan yo konnen “moun” enpafè pa ka lakòz dega ki pa ka repare. — Sòm 56:4.

a Yo pa toujou fè konnen alavans ki lè y ap bay desizyon yo.