Al gade sa k anndan l

Sè Yekaterina Pegasheva.

8 AVRIL 2021
LARISI

Larisi: Sè Yekaterina Pegasheva rete fidèl malgre yo lage akizasyon kriminèl sou do l

Larisi: Sè Yekaterina Pegasheva rete fidèl malgre yo lage akizasyon kriminèl sou do l

MIZAJOU | Tribinal la rejte apèl sè Yekaterina Pegasheva te fè a

Nan dat 4 out 2021 an, lakou siprèm Repiblik Mari a rejte apèl sè Yekaterina Pegasheva te fè a e li kenbe santans sizan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Sè Yekaterina pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Nan dat 31 me 2021 an, tribinal distri Gònomariskiy, nan repiblik Mari, kondane sè Yekaterina Pegasheva. Yo kondane l pou sizan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Enfòmasyon pèsonèl

Yekaterina Pegasheva

  • Dat ak kote li fèt: 1989 (Gayintsi, nan zòn Kirov).

  • Byografi: Li se sèl pitit paran l genyen. Li renmen li liv, ekri powèm e li renmen chante. Li konn travay nan pran swen kay. Li te aprann lang ki rele mari a pou l ka preche plis moun toujou.

Sa k te pase

Nan dat ki te 3 oktòb 2019 la, yo te arete sè Pegasheva nan vil Yochka-Ola, kapital Repiblik Mari. Polisye yo te fouye kay li epi sezi liv li, aparèy elektwonik li genyen, lèt yo te voye pou li ak dokiman li te genyen. Yo te akize Yekaterina paske l ap pale ak kwayan parèy li sou Bib la e paske l ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon yo entèdi.

Men sa Yekaterina di: “Malerezman, polisye yo te atake m nan lari a, yo te pouse m nan yon mi e yo te pase men m dèyè do m. Mwen te gentan fè yon priyè tou kout, menm jan ak Neyemi, kote m te mande Jewova pou l ede m.” Apre yo te fin arete l, yo te kenbe l pandan plis pase 100 jou nan prizon. Kounye a, li pa ka kite kay li.

Pandan yo te kenbe Yekaterina nan prizon, yo te poze l kesyon plizyè fwa. Li wè fòmasyon li jwenn nan Bib la ede l. Men sa l di: “Mwen te sonje diskou mwen te tande ak asiyasyon mwen te genyen lè m te asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Men yon pwen ki te sitou ban m fòs: Lè n ap reponn kesyon ènmi yo, nou kanpe tou devan Seyè Jezi. Sa ede m demontre metriz epi montre respè pou otorite ki lage akizasyon san rezon sou do m.”

Sa pa t fasil pou Yekaterina lè li te pase plis pase ennan nan prizon, e lefètke li pa ka kite kay li. Sa te lakòz li vin gen pwoblèm sante, e li te vin pa t ka travay pou l fè yon ti kòb. Sa ki te sitou difisil pou li se separe li te separe ak manman l ak granmè l. Malgre eprèv sa yo, Yekaterina pran detèminasyon pou l rete fidèl. Li di: “Plis yo fè presyon sou mwen se plis mwen ranje ekipman konba espirityèl la pi byen sou mwen.” Men sa l ajoute: “Kounye a, mwen pa pè anyen! Mwen te deja gen kouraj, men kounye a, mwen vin gen plis kouraj toujou.”

Pandan Yekaterina ap tann desizyon tribinal la, nou konnen l ap kontinye konte sou Jewova, Sila a ki bay tout sèvitè l yo fòs. — Egzòd 15:2.