Al gade sa k anndan l

Premye ranje a (soti agoch al adwat): Frè Boris Burylov, frè Aleksandr Inozemtsev.

Dezyèm ranje a (soti agoch al adwat): Frè Viktor Kuchkov, frè Igor Turik ak frè Yuriy Vaag.

21 AVRIL 2021
LARISI

Larisi: Senk frè kontinye gen kouraj ak lajwa malgre otorite yo fouye anpil kay e yo fè anpil arestasyon nan vil Pèm

Larisi: Senk frè kontinye gen kouraj ak lajwa malgre otorite yo fouye anpil kay e yo fè anpil arestasyon nan vil Pèm

MIZAJOU | Tribinal la rejte apèl la

Nan dat 23 out 2021 an, tribinal nan vil Pèm nan rejte apèl frè Boris Burylov, frè Aleksandr Inozemtsev, frè Viktor Kuchkov, frè Igor Turik ak frèYuriy Vaag te fè a. Tribinal la kenbe premye santans yo te ba yo a. Yo pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Nan dat ki te 12 me 2021 an, tribinal rejyonal travay nan vil Pèm fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Boris Burylov, frè Aleksandr Inozemtsev, frè Viktor Kuchkov, frè Igor Turik ak frè Yuriy Vaag. Yo kondane frè Turik pou l pase setan nan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Yo kondane kat lòt frè yo pou yo pase dezan edmi nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò. Yo pa bezwen al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Boris Burylov

  • Dat ak kote li fèt: 1941 (Sevastopòl).

  • Byografi: Li leve nan zòn Pèm. Li te diplome nan agwonomi. Lè l te timoun, manman l te konn li yon pòsyon nan Bib la pou li. Nan ane 1990 yo, li te vin gen yon Bib. Li te batize kòm Temwen Jewova nan ane 1996.

Aleksandr Inozemtsev

  • Dat ak kote li fèt: 1972 (Kostanay).

  • Byografi: Li te nan lame. Li te travay kòm elektrisyen ak mekanisyen. Kounye a, li fè mentnans nan bilding e li travay nan renove apatman. Lè l te fin li Bib la e etidye Labib ak Temwen Jewova yo, li te satisfè ak repons li jwenn sou rezon ki fè gen enjistis ak lanmò. Li te batize an 1996. Nan ane 2017, li te marye ak Olesya. Yo gen yon ti pitit fi. Li renmen fè desen, jwe òki ak fè lapèch.

Viktor Kuchkov

  • Dat ak kote li fèt: 1967 (Svetlitsa).

  • Byografi: Depi lè l piti, li renmen travay bwa. Li te pran fòmasyon kòm enjenyè nan itilize metal e kòm enjenyè nan envante nouvo bagay. Li renmen fè lapèch ak jwe volebòl. Li te marye ak Tanya an 1988. Yo gen yon pitit fi. Li te toujou enterese ak sijè ki gen rapò ak Bondye. An 1993, li te batize kòm Temwen Jewova.

Igor Turik

  • Dat ak kote li fèt: 1968 (Nelidovo).

  • Byografi: Li travay kòm fotograf ak achitèk. Nan ane 1990 yo, li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Li renmen amoni ki gen nan Bib la. Li batize an 1998. Li te marye an 2002 e li gen yon pitit gason ak yon pitit fi. Li renmen fotografi, videyografi ak elektwonik.

Yuriy Vaag

  • Dat ak kote li fèt: 1975 (Lesosibisk).

  • Byografi: Li te pran fòmasyon pou l kondui aparèy ki leve gwo pwa lou. Kounye a, li travay kòm elektrisyen e li fè mentnans nan kay. Pandan li t ap sèvi nan lame, sè l la te pale l de Labib. Lè l te wè prensip ki nan Bib la ede sè l la vin yon pi bon moun, sa te pouse l etidye Labib. Li te batize an 1996. Li te marye ak Svetlana an 1996. Yo gen yon pitit gason ak yon pitit fi.

Sa k te pase

Nan dat ki te 17 septanm 2018 la, Sèvis sekirite federal la (FSB) ak lòt inite espesyal nan lapolis te fouye anpil kay nan zòn Pèm. Yo te fouye omwen dis kay. Pandan fouy yo, otorite yo te sezi kòb, telefòn ak lòt aparèy elektwonik. Yo te mete Viktor ak Igor nan prizon pou plizyè jou, e annapre yo te fè prèske kat mwa lakay yo san yo pa ka deplase al kote yo vle. Pou kounye a, yo gen anpil restriksyon sou do yo. Yo mete non yo nan lis peyi Larisi genyen pou moun ki “ekstremis”.

Tout frè sa yo kontinye montre yo gen anpil kouraj e yo kontinye kenbe jwa yo malgre pwoblèm yo.

Yuriy di kounye a li priye Jewova pi souvan. Epitou, li medite regilyèman sou fason Jewova ede l e ba l fòs. Men sa l di: “Pawòl ki nan Jozye 1:7 yo ede m rete kalm. Vèsè sa a ede m konn sa m dwe fè. Mwen ka santi Jewova ap ede m e l ap pran swen m.”

Viktor rann li kont lè l medite sou òganizasyon Jewova a, sa ede l rete kalm lè l anba eprèv. Men kòmantè li fè: “Mwen fè efò pou m reflechi sou pisans Jewova, sou òganizasyon l lan, pati ki nan syèl ak pati ki sou tè a, sou gwo fanmi frè ak sè yo ak sou travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a. Tout sa ede m pou m pa konsantre sou tèt mwen. Epitou, yo fè m santi m kalm.”

Apre Igor retounen lakay li, gen kèk nan bagay yo te rakonte l yo ki fè l ri. Li di: “Pandan yo te kenbe m nan prizon an, pitit fi m nan te fè yon desen monn nouvo a pou ankouraje m. Otorite yo nan prizon an te kenbe desen an. Madanm mwen di yo te fè yon bon tan ap gade desen an epi yo te remèt li desen an, yo di l: ‘Nou pa ka aksepte sa. Li sanble ak yon plan pou moun chape kite prizon an.’” Li di: “Bon se vre, monn nouvo a se ‘plan pou [nou] chape’ anba sistèm mechan sa a!”

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye sèvi ak lespri sen l pou l ede frè sa yo ak fanmi yo. Nou konnen Jewova ap toujou ba yo fòs yo bezwen. — Efezyen 3:20.