Al gade sa k anndan l

25 JANVYE 2021
LARISI

Larisi: Tribinal apèl la fè konnen frè Zalipayev inosan

Larisi: Tribinal apèl la fè konnen frè Zalipayev inosan

Nan dat 25 janvye 2021 an, lakou siprèm Repiblik Kabadino-Balkaryan rejte apèl komisè gouvènman an te fè pou desizyon premye tribinal la te pran nan dat 7 oktòb 2020 an, ki te fè konnen frè Yuriy Zalipayev inosan. Biwo komisè gouvènman an ka deside fè apèl desizyon sa a tou. Men, desizyon lakou siprèm nan aplikab lapoula. Yo retire tout akizasyon ki te sou do frè Yuriy. E kounye a li gen dwa mande dedomajman poutèt yo te akize l pou bagay li pa t fè.

Yuriy te montre li gen konfyans nan Jewova e li te demontre kouraj nan tribinal la malgre li te konnen lakou siprèm nan te ka deside kondane l. Anvan tribinal la te bay desizyon li pran an, avèk kran, frè Yuriy te fè yo konnen talè konsa Bondye pral mete yon bout nan tout mechanste k ap fèt, e pèsekisyon Temwen Jewova yo ap sibi nan peyi Larisi ladan l tou. Li te di: “Kit atak sa yo byen planifye, gen yon bagay moun k ap pèsekite nou yo dwe konprann. Kèlkeswa sa yo eseye, yo pap rive minen lafwa m genyen nan pwomès Bondye fè pou l mete fen nan mechanste k ap fèt sou tè a talè konsa. Mwen gen lafwa nan pwomès nan Bib la ki montre talè konsa moun nan tout nasyon ap rekonèt yo se frè ak sè. Pa gen anyen ki vrèman divize nou. Men sa Labib di konsènan Bondye: ‘Bondye ap aji antanke jij nan mitan nasyon yo e l ap met lòd nan mitan anpil pèp. Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè e y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt. Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, e yo pap aprann fè lagè ankò’. — Ezayi 2:4.

“Mwen gen konviksyon pwomès sa a ap reyalize talè konsa!”