Al gade sa k anndan l

Frè Yevgeniy Spirin ak madanm li, Natalya.

14 OKTÒB 2020
LARISI

Larisi: Tribinal ki te resevwa apèl frè Spirin nan toujou konsidere l koupab e l ap gen pou l peye amann nan

Larisi: Tribinal ki te resevwa apèl frè Spirin nan toujou konsidere l koupab e l ap gen pou l peye amann nan

Nan dat 14 oktòb 2020 an, tribinal rejyonal Ivanovo a kenbe menm desizyon premye tribinal la te pran an jiyè 2020 an kote l te kondane frè Yevgeniy Spirin e l te mande pou l peye yon amann. Tribinal ki te resevwa apèl la rejte demann komisè gouvènman an te fè pou yo ta refè jijman frè Spirin nan. Li posib pou komisè gouvènman an fè apèl desizyon sa a pou l ka fè yo bay frè Spirin setan prizon jan l te vle sa depi okòmansman an.