Al gade sa k anndan l

17 FEVRIYE 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la deklare sè Yelena Reyno-Chernyshova koupab e l kondane l pou l peye yon amann pou lafwa l

Larisi: Tribinal la deklare sè Yelena Reyno-Chernyshova koupab e l kondane l pou l peye yon amann pou lafwa l

Nan dat 17 fevriye 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, Rejyon otonòm juif, deklare sè Yelena Reyno-Chernyshova koupab poutèt li “patisipe nan aktivite yon òganizasyon ekstremis”. Yo kondane l pou l peye 10 000 woub (135 dola ameriken) kòm amann.