Al gade sa k anndan l

3 FEVRIYE 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la kondane frè Artur Lokhvitskiy pou dezan twa mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Larisi: Tribinal la kondane frè Artur Lokhvitskiy pou dezan twa mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Nan dat 2 fevriye 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, kondane frè Artur Lokhvitskiy, ki gen 35 an, pou dezan twa mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo ak twazan kote y ap gen pou yo suiv li. Frè Artur pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Nan dènye pawòl frè Artur devan tribinal la, men l sa l te di: “Se yon gwo onè sa ye pou m pale nan tribinal sa a, kèlkeswa desizyon yo pran an. Yon lòt fwa ankò, mwen wè pawòl Jezi yo reyalize. Nou jwenn pawòl sa yo nan Bib la, nan Mak chapit 13, vèsè 9 ak 10: ‘Nou menm, veye kò nou. Gen moun k ap mennen nou devan tribinal pou yo jije nou [...]. Sa ap ban nou okazyon pou nou ba yo temwayaj. Epitou, fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon.’ [...] Lefètke m konn sa, sa fè m santi m dwe fè lòt moun konn objektif Bondye. Se yon privilèj pou m pale w de sa, Onorab majistra.”