Al gade sa k anndan l

Frè Ruslan Alyev ansanm ak madanm li, Kristina, devan tribinal la 17 desanm 2020 an.

17 DESANM 2020
LARISI

Larisi: Tribinal la kondane frè Ruslan Alyev pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Larisi: Tribinal la kondane frè Ruslan Alyev pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

N ap jwenn kèk pawòl frè Alyev te di nan tribinal la

Nan dat 17 desanm 2020 an, tribinal distri Leninski, rejyon Rostov, kondane frè Ruslan Alyev pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.

Nan jou anvan yo bay santans lan, frè Alyev te gen “lapè Bondye” bay la (Filipyen 4:7). Avèk kalm, men sa l te di zanmi l yo: “Mwen pa vrèman strese pou desizyon tribinal la ap pran an. Jewova gen kontwòl tout sa l kite rive, e l ap ede m nan bon moman. M ap kontinye sèvi Jewova kèlkeswa kote m ye.” Frè Alyev konnen tou frè ak sè yo toupatou sou tè a ap priye pou l rete fidèl e l fè konnen sa ba l yon “gwo rekonfò”.

Nan dat 14 desanm 2020 an, men dènye pawòl Ruslan te di nan tribinal la: “Nan premye syèk la, yo te akize yon jèn gason 33 an kòmkwa l ap fè soulèvman kont gouvènman an e yo te jije l kòm yon kriminèl. Men, tout enfòmasyon nou genyen sou pwosè sa a montre se paske l te kwè nan Jewova Dye ki fè yo t ap pèsekite l. Pawòl temwen yo te depaman youn ak lòt e moun ki te akize l yo pa t kapab pwouve sa l fè ki mal, malgre sa yo te deklare l koupab. Mesye sa a se te Jezi Kris.

“Jodi a, nan 21yèm syèk sa a, mwen menm tou, yon jèn gason 33 an, mwen kanpe nan tribinal sa a. Yo akize m tou kòmkwa m ap fè soulèvman kont gouvènman an e mwen mete sekirite Leta an danje. [...] Lè m tande akizasyon sa yo, mwen sezi paske akizasyon sa yo san fondman e yo pa fè sans.”

Avèk fòs, frè Ruslan te fè konnen tou akizasyon yo lage sou do l kòmkwa l ap ankouraje moun rayi moun ki soti nan lòt ras oswa ki nan lòt relijyon se yon fo akizasyon. Men sa l di: “Akoz diferan sitiyasyon, mwen grandi ak moun ki soti nan omwen twa peyi diferan: Larisi, Azèbayidjan ak Ikrèn. Mwen renmen toule twa kilti sa yo menm jan. Mwen gen zanmi ki soti nan peyi Afrik ki pale anglè, e mwen gen zanmi ki soti nan peyi ki pale chinwa. [...] Mwen fèt Azèbayidjan. E tout moun konnen ki jan moun Azèbayidjan ak moun Ameni se lèt ak sitwon depi lontan, poutan bon zanmi m se moun Ameni e se li menm ki te temwen maryaj mwen. Se relijyon m nan ki aprann mwen renmen moun tout nasyon, tout ras, tout relijyon ak ran sosyal. [...] Se sa k fè ni mwen menm ni moun ki konnen m sezi lè n tande akizasyon yo lage kont mwen kòmkwa m ap ankouraje moun pou yo panse yo siperyè lòt moun akoz ras yo oubyen nasyonalite yo oswa m ap ankouraje yo rayi moun lòt ras, moun lòt nasyonalite.”

Sa ankouraje nou lè n aprann frè ak sè nou yo ki nan prizon nan peyi Larisi pwofite bay temwayaj avèk kran lè yo devan tribinal. Nou gen konfyans Jewova ap beni semans verite nou simen lè n ap defann lafwa nou devan otorite yo. — Matye 10:18.