Al gade sa k anndan l

24 NOVANM 2020
LARISI

Larisi: Tribinal la kondane frè Sergey Ledenyov pou dezan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Larisi: Tribinal la kondane frè Sergey Ledenyov pou dezan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Nan dat 24 novanm 2020 an, tribinal vil Petropavlovsk-Kamchatskiy nan tèritwa Kamchatka deklare frè Sergey Ledenyov koupab. Yo ba l yon santans dezan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo ak yon peryòd twazan kote y ap suiv li. Li pap gen pou al nan prizon pou kounye a.

Nan dènye jou jijman an, avèk kran, Sergey te esplike sa sa vle di lè yon moun Temwen Jewova. Men sa l te di: “Jewova se pa non yon moun, yon òganizasyon oswa yon relijyon. Jewova se non Bondye. Nan Bib la, nan liv pwofèt Ezayi te ekri a, Jewova di sèvitè l ki fidèl yo se ‘temwen’ l. Sou baz pawòl sa yo, nan yon kongrè ki te fèt an 1931, nou te adopte non Temwen Jewova a. Non sa a montre misyon nou genyen pou nou bay temwayaj pou Bondye, sa vle di pou n fè lòt moun konnen li se Kreyatè a, li se Sovè nou, se li menm ki gen dwa pou l dirije linivè, e pou n pale sou bèl objektif li genyen pou lèzòm. Se yon gwo onè sa ye pou mwen ak kwayan parèy mwen yo.” — Ezayi 43:10.

Avèk anpil konviksyon, Sergey te ajoute: “Mwen pa gen okenn rezon pou m wont, paske mwen pa fè anyen ki mal. Konsyans mwen klè ni devan Bondye ni devan lèzòm.”