Al gade sa k anndan l

Sè Anastasiya Sycheva.

22 JANVYE 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la kondane sè Anastasiya Sycheva poutèt li te asiste reyinyon

Larisi: Tribinal la kondane sè Anastasiya Sycheva poutèt li te asiste reyinyon

Desizyon yo pran

Nan dat 21 janvye 2021 an, tribinal distri Oblouchenski, nan Rejyon otonòm juif la, kondane sè Anastasiya Sycheva. Yo kondane l pou dezan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Anastasiya Sycheva

  • Dat ak kote li fèt: 1977 (Teplouzyòsk, Rejyon otonòm juif).

  • Byografi: Li te gen kat frè ak sè, men gen de nan yo ki mouri. Li te gradye kòm enfimyè. Li te travay nan yon klinik dantè e apre sa li te travay nan yon sant sikatri. Apre gran sè l la te fin mouri, li te aksepte pran swen de pitit sè l la te genyen yo. Li te pran swen manman l ki te fè yon bon tan malad jiskaske manman an mouri.

    Lè l te yon adolesan, li te konn reflechi sou jan lavi a kout. Sa te pouse l kòmanse egzamine Bib la. Konsa, li te vin jwenn repons ki satisfè l. Li te batize antanke Temwen Jewova an 1994.

Sa k te pase

Nan mwa oktòb 2019, otorite nan peyi Larisi yo te mete Anastasiya sou lis moun k ap patisipe nan aktivite “ekstremis”. Nan dat 25 septanm 2019, Biwo envestigasyon Sèvis sekirite federal la te ouvri yon dosye kriminèl kont sè Anastasiya. Yo te akize l kòm moun ki kontinye patisipe nan aktivite òganizasyon Temwen Jewova yo, paske l te kontinye asiste reyinyon epi pataje kwayans li ak lòt moun.

Pandan jijman an, biwo komisè gouvènman an te pase kèk anrejistreman odyo ak videyo konvèsasyon Anastasiya konn genyen nan telefòn ak reyinyon li konn asiste. Komisè gouvènman an te fè konnen sa pwouve sè Anastasiya konn patisipe nan aktivite “ekstremis”. Anastasiya te itilize swadizan prèv sa yo pou l ba yo temwayaj. Li te di yo nan reyinyon Temwen Jewova yo, yo aprann moun yo pou yo demontre konpasyon, kè sansib, pasyans ak lòt kalite kretyen yo dwe demontre.

Nan dènye pawòl li te di nan tribinal la, li te esplike jan Bib la gen yon bon enfliyans sou lavi l. Li te di: “Jodi a, y ap jije m poutèt lafwa m e poutèt mwen kontinye fè aktivite ki pèmèt mwen adore Bondye, tankou li Labib, reyini ak zanmi m pou n pale sou Bib la, chante kantik pou m louwe Jewova epi priye l.

“Kòman pou m ta fè pa obeyi kòmandman ki nan Ebre chapit 10, vèsè 24 ak 25 lan? Vèsè sa yo di: ‘Epi annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.’ Si Jewova, Bondye ki Toupisan an, mande m pou m reyini ak zanmi m, kwayan menm jan avè m yo, pou m li Labib, pou youn ankouraje lòt demontre lanmou, kòman pou m ta fè pa obeyi l? Li se yon moun mwen renmen anpil, mwen respekte l e mwen adore l.”

Nou kontan tande jan sè Anastasiya te defann lafwa l avèk kran, e jan li pwouve li se yon moun ki djanm e ki gen yon etadespri pozitif. N ap priye Jewova pou l ede sè Anastasiya kenbe jwa l e pou eprèv sa a ki poko fini ede l gen plis andirans toujou. — Jak 1:2, 3.