Al gade sa k anndan l

26 JANVYE 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la kondane sè Galina Parkova pou dezan twa mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Larisi: Tribinal la kondane sè Galina Parkova pou dezan twa mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Nan dat 26 janvye 2021 an, tribinal distri Leninski, nan Rostov-on-Don, kondane sè Galina Parkova pou dezan twa mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Avèk kran, men sa l te di nan dènye pawòl li nan tribinal la: “Grasa lafwa m gen nan Bib la, mwen konprann rezon ki fè m gen pwoblèm sa yo jodi a. Seyè m nan, Jezi Kris, te gentan bay rezon yo. Men sa l di nou jwenn nan Evanjil Jan an, chapit 15, vèsè 20: ‘Yon esklav pa plis pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou.’

“Si yo te pèsekite Jezi e yo te touye l, li menm ki te geri moun malad, ki te bay moun ki grangou manje e ki te pale moun yo de Papa l ak Wayòm ki gen pou vini an, ki sa disip Jezi yo ta dwe atann? Lefètke yo pèsekite m poutèt lafwa m, sa ban m konviksyon mwen sou bon wout la!”