Al gade sa k anndan l

15 FEVRIYE 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la kondane sè Svetlana Monis pou l peye yon amann pou lafwa l

Larisi: Tribinal la kondane sè Svetlana Monis pou l peye yon amann pou lafwa l

Nan dat 15 fevriye 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, deklare sè Svetlana Monis koupab dèske l t ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon yo entèdi. Tribinal la kondane l pou l peye 10 000 woub (135 dola ameriken) kòm amann.

Nan dènye pawòl sè Svetlana te di yo, li te montre l gen lafwa ak kouraj. Men sa l te di: “Mwen vle fè tribinal la konnen si m kanpe devan nou [...] se poutèt non Seyè nou an, Jezi Kris ak Papa l, Jewova Dye. Men sa Bib la di sou sa nan 1 Pyè 4:14-16: ‘Si yo pale nou mal poutèt non Kris, nou mèt kontan, paske lespri ki gen glwa a, wi, lespri Bondye, poze sou nou. Sepandan, pinga okenn nan nou soufri paske l se asasen, oswa paske l se vòlè, oswa paske l ap fè sa ki mal, oswa paske l se moun k ap antre nan zafè lòt moun. Men, si yon moun soufri paske l se kretyen, li pa bezwen wont. Okontrè, se pou l kontinye bay Bondye glwa dèske l pote non sa a.’”