Al gade sa k anndan l

23 DESANM 2020
LARISI

Larisi: Tribinal la rejte apèl frè Khasan Kogut te fè a

Larisi: Tribinal la rejte apèl frè Khasan Kogut te fè a

Nan dat 23 desanm 2020 an, tribinal rejyonal Kemerovo rejte apèl frè Khasan Kogut te fè a. Santans dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo ap antre an vigè kounye a. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Byenke frè Khasan desi paske desizyon sa a yo pran kont li kòm yon kriminèl sal repitasyon l antanke sitwayen, sa konsole l paske l konnen li kenbe fidelite l e l gen favè Jewova. Frè Khasan ak madanm li, Yekaterina, ansanm ak pitit gason yo a ki gen uitan, Timofey, detèmine pou yo kontinye sèvi Jewova ansanm antanke fanmi.

Avèk kran, men sa frè Khasan te di nan tribinal la nan dat 10 septanm 2020 an: “Mwen pap sispann gen lafwa nan Jewova Dye, e mwen konsidere se yon krim sa ye lè y ap eseye fòse m abandone Bondye. Se konviksyon pa m. Kèlkeswa sa k rive m, ‘ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni gouvènman, ni bagay ki la kounye a, ni bagay ki gen pou vini, ni pisans, ni bagay ki wo, ni bagay ki ba, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye.’” — Women 8:38, 39.