Al gade sa k anndan l

22 AVRIL 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la rejte apèl sè Reyno-Chernyshova te fè a

Larisi: Tribinal la rejte apèl sè Reyno-Chernyshova te fè a

Nan dat 22 avril 2021 an, tribinal Rejyon otonòm juif la rejte apèl sè Yelena Reyno-Chernyshova te fè a. Tribinal la te pito pran desizyon an favè komisè gouvènman an ki te mande pou chanje santans sè Yelena a. Anvan sa, sè Yelena te gen pou l peye yon amann 10 000 woub (135 dola ameriken), men kounye a, yo kondane l pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.