Al gade sa k anndan l

13 ME 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la rejte apèl sè Yuliya Kaganovich te fè a

Larisi: Tribinal la rejte apèl sè Yuliya Kaganovich te fè a

Nan dat 13 me 2021 an, tribinal nan Rejyon otonòm juif la rejte apèl sè Yuliya Kaganovich te fè a. Tribinal la te dakò pito ak demann komisè gouvènman an te fè pou yo chanje santans sè Yuliya a. Anvan sa, yo te kondane l pou l peye yon amann 10 000 woub (135 dola ameriken), men kounye a yo kondane l pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Sè Yuliya pa gen pou al nan prizon pou kounye a.