Al gade sa k anndan l

29 JANVYE 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la rejte apèl sis Temwen te fè

Larisi: Tribinal la rejte apèl sis Temwen te fè

Nan dat 29 janvye 2021 an, tribinal rejyonal Ulyanovsk la kenbe desizyon premye tribinal la te pran ann oktòb 2020 an pou yo kondane frè Aleksandr Ganin, frè Khoren Khachikyan, frè Andrey Tabakov, frè Mikhail Zelenskiy, ansanm ak frè Sergey Mysin ak madanm li, Nataliya. Tribinal la kenbe menm santans yo te ba yo anvan an, sof pa frè Sergey la ki vin plis. Tribinal la ba l katran edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Okenn nan frè ak sè sa yo pa gen pou al nan prizon pou kounye a.