Al gade sa k anndan l

Frè Yevgeniy Yegorov.

1ye AVRIL 2021
LARISI

Larisi: Tribinal la vle retire libète frè Yevgeniy Yegorov genyen pou l chwazi relijyon l vle

Larisi: Tribinal la vle retire libète frè Yevgeniy Yegorov genyen pou l chwazi relijyon l vle

MIZAJOU | Tribinal la kondane frè Yevgeniy Yegorov

Nan dat 21 jen 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, Rejyon otonòm juif, kondane frè Yevgeniy Yegorov pou 30 mwa prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, Rejyon otonòm juif, gen pou fè konnen anvan lontan desizyon l pran nan ka frè Yevgeniy Yegorov. a Komisè gouvènman an poko di ki santans li ta vle yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Yevgeniy Yegorov

  • Dat ak kote li fèt: 1991 (Biwobidjan).

  • Byografi: Se manman l ak grann li ki leve l. Li te etidye jeni elektrik. Li travay kòm moun k ap fè seri e kòm moun k ap fè reparasyon. Li renmen li e l renmen ekri. Li te deja pibliye yon woman ak kèk powèm. Li te batize kòm Temwen Jewova an 2005. Li te marye ak Kseniya an septanm 2019. Yo gen yon pitit gason ki fèt ann out 2020.

Sa k te pase

An me 2018, gen kèk ajan Sèvis sekirite federal la ki te fouye anpil kay Temwen nan Biwobidjan. Yon ti tan anvan frè Yevgeniy marye, yo te akize l kòm “kriminèl” poutèt li t ap fè aktivite ki gen rapò ak kwayans li e poutèt li t ap li Labib. Yo te mete restriksyon sou deplasman l. Tousuit apre maryaj la, yo te kondane sè Larisa Artamonova tou, manman frè Yevgeniy. An desanm 2019, yo te kòmanse jijman frè Yevgeniy nan tribinal distri Biwobidjan an.

Frè Yevgeniy fè konnen li santi l pi pwòch ak Jewova kounye a. Men sa l di: “Pandan moman ki te pi difisil yo, Jewova te ede m rete kalm e l te ban m ‘pisans ki depase yon pisans nòmal’ la.” — 2 Korentyen 4:7.

Menmsi frè Yevgeniy konnen Jewova ap ede l, li konnen li dwe prepare l pou sa k pral rive pi devan e l dwe rete pwòch ak Jewova. Men sa l di: “Pou mwen, sa k pi enpòtan an se kontinye fè relasyon m ak Jewova vin pi sere, kèlkeswa sitiyasyon m twouve m.”

Malgre tout pèsekisyon frè Yevgeniy ak sè Kseniya jwenn, ansanm ak tout frè ak sè nan Larisi yo, nou gen konfyans y ap jwenn fòs nan pawòl Bondye te fè ekri nan Sòm 10:17 la: “Men, w ap tande priyè moun ki gen imilite yo fè, o Jewova. W ap fè kè yo rete fèm e w ap konsantre w sou yo.”

a Yo pa toujou fè konnen alavans ki lè y ap bay desizyon yo.