Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Sè Nataliya Sorokina ak sè Mariya Troshina.

17 FEVRIYE 2021
LARISI

Larisi: Yo kapab kondane de nan sè nou yo apre yo fin pase prèske ennan nan detansyon prevantif ak nan prizon lakay yo

Larisi: Yo kapab kondane de nan sè nou yo apre yo fin pase prèske ennan nan detansyon prevantif ak nan prizon lakay yo

MIZAJOU | Tribinal la rejte apèl la

Nan dat 15 septanm 2021 an, tribinal distri Sichyovski, nan rejyon Smolensk, rejte apèl sè Sorokina ak sè Troshina te fè a. Premye santans yo te ba yo a toujou valab. Yo pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Nan dat 22 avril 2021 an, Tribinal distri Sichyovski, nan rejyon Smolensk, kondane sè Nataliya Sorokina ak sè Mariya Troshina pou sizan prizon k ap aplikab si yo arete yo ankò pou menm bagay yo.

Enfòmasyon pèsonèl

Nataliya Sorokina

  • Dat ak kote li fèt: 1975 (Dresden, Almay).

  • Byografi: Li te soti ann Almay, li al rete Senpitèsbou apre sa li deplase al Sichyovka, nan rejyon Smolensk. Li travay kòm enfimyè. Li renmen fè travay atizana e l renmen aprann lòt lang pou preche plis moun posib. Lè l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, sa l te aprann sou kreyasyon an ak pwomès Bondye fè pou lavni an te gen gwo efè sou li. Sa te fè l gen plis anvi aprann bagay espirityèl yo. Li te batize ann out 1994.

Mariya Troshina

  • Dat ak kote li fèt: 1977 (Senpitèsbou)

  • Byografi: Depi lè l toupiti, li te renmen listwa. Li te travay kòm gid. Li renmen aprann lòt lang pou l preche plis moun posib.

    Lè l te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, lefètke sa Bib la di sou sa k te pase nan listwa ak bagay syantifik yo egzak, sa te gen gwo efè sou li. Li te vwe lavi l bay Jewova a  jiyè 1991. Manman l te etidye Labib tou e l te batize anvan l mouri.

Sa k te pase

Nan dat 7 oktòb 2018 la, gen ofisye nan Sèvis sekirite federal ansanm ak polisye nan zòn nan ki te fouye kat kay nan Sichyovka. Ofisye yo te pran bagay pèsonèl 17 frè ak sè, san wete timoun. Yo te arete sè Nataliya Sorokina ak sè Mariya Troshina e yo te mete yo nan prizon pwovizwa.

Sè Mariya fè konnen sa ki te ede l prepare lespri l pou l fè fas ak fouy yo te vin fè lakay li a se istwa lavi lòt Temwen yo te arete pou lafwa yo. Men sa l di: “Mwen te byen kalm jou yo te vin fouye kay la e yo te arete m nan. Mwen pa t janm panse kè m te ka anpè konsa. Se sèlman grasa èd lespri sen Bondye sa posib.”

De jou apre yo te fin fouye kay yo, tribinal distri Leninski, nan vil Smolensk, te bay lòd pou yo mete sè yo nan detansyon prevantif e yo te rete la pandan 191 jou. Apre sa, yo te voye yo lakay yo kote yo te rete la kòm prizonye pandan plis pase sis mwa.

Toude sè yo rekonèt se relasyon sere sere yo te gen ak Jewova anvan yo te jwenn eprèv sa a ki te ede yo. Sè Nataliya fè konnen li enpòtan anpil pou nou wè bagay yo yon fason espirityèl. Li di lè n ap fè fas ak pèsekisyon, li enpòtan pou nou sonje ki kote pèsekisyon an soti toutbon. Men sa l di pou fini: “Se Satan ki toujou dèyè tout pèsekisyon pèp Bondye a sibi, e se nou chak ki gen pou n montre n ap fidèl ak Bondye.”

Men sa sè Mariya ajoute: “Se jou apre jou nou bati yon amitye ak Bondye, se sa k fè li enpòtan pou n chèche wè fason Jewova ede nou ak fason l demontre li enterese nan nou chak jou. Aprann fè l konfyans nan tout bagay. Fè efò pou n li Bib la chak jou e pou n renmen l, eseye sonje fason evènman yo te pase epi aprann vèsè w pi renmen yo pa kè.”

Lafwa ak andirans sè nou yo demontre se yon bèl egzanp pou nou tout paske yo kontinye ‘mete konfyans yo nan Jewova paske se li menm k ap ede yo e se li ki boukliye yo’. — Sòm 115:11.