Al gade sa k anndan l

Apre yo te fin lage frè Feliks Makhammadiyev sot nan prizon, li te rankontre ak madanm li, Yevgeniya, nan estasyon tren Ouzbekistan an jou ki te 21 janvye 2021 an.

21 JANVYE 2021
LARISI

Larisi: Yo lage frè Feliks Makhammadiyev e yo depòte l al Ouzbekistan

Larisi: Yo lage frè Feliks Makhammadiyev e yo depòte l al Ouzbekistan

Nan dat 31 desanm 2020 an, yo te lage frè Feliks Makhammadiyev. Tribinal distri Belyayevsky nan rejyon Orennboug te deside voye l nan yon sant pou depòte jiskaske l gen dokiman nesesè ki pou pèmèt yo depòte l tounen nan peyi l, Ouzbekistan. Rezon an se paske yo te anile natiralizasyon frè Makhammadiyev kòm sitwayen ris ann avril 2020. Nan dat 20 janvye 2021 an, otorite yo te mete l nan yon tren ki pral Ouzbekistan. Nou kontan fè konnen frè Feliks rive Ouzbekistan a byen nan dat 21 janvye 2021 an. De jou anvan sa, Yevgeniya, madanm li, te gentan vwayaje al Ouzbekistan, konsa li te deja la pou l akeyi frè Feliks.

Frè Feliks te pase anviwon 18 an ap viv nan peyi Larisi. An 2002, li menm ak manman l te kite Ouzbekistan pou y al viv Saratov, nan peyi Larisi. Lè sa a li te yon adolesan. An 2004, lè l te gen 19 an, li te batize antanke Temwen Jewova. Li te marye ak Yevgeniya an 2011.

Nan dat 12 jen 2018, yon seri ofisye nan sèvis sekirite federal ansanm ak lapolis te debake lakay frè Feliks ak Yevgeniya ak zam e ak kagoul. Yo te arete frè Feliks e l te fè prèske ennan nan detansyon prevantif. Li priye Jewova souvan pou l jwenn fòs. Men sa l di: “Mwen priye Jewova chak jou pou l fè m gen lapè ak lajwa pou jounen an.”

Frè Feliks Makhammadiyev, anviwon de semèn apre gadyen prizon yo te fin bat li anpil.

Yo te vin deklare frè Feliks ansanm ak senk lòt frè koupab e yo te voye yo nan prizon nan dat 19 septanm 2019 la. Frè Feliks ansanm ak kat nan lòt frè yo te fè apèl desizyon an. Apre yo te fin pèdi apèl la, yo te voye yo nan yon prizon nan Orennboug, ki nan yon distans plis pase 800 kilomèt parapò ak lakay yo ak fanmi yo nan Saratov. Lè yo rive, yo te bat yo anpil.

Malgre sa, frè Feliks kontinye gen kè kontan e l kontinye souri. Men sa sè Yevgeniya di: “Mwen vrèman fyè de li! Nonsèlman li te kenbe diyite l pandan pwosè a, men tou li kontinye andire tout bagay ak diyite, li menm ede m andire tou.”

Malgre otorite nan peyi Larisi yo te fè frè Feliks mechanste pou yo te ka kraze lafwa l, li fè konnen pèsekisyon sa a fè l pi fidèl ak Jewova. Sa fè nou sonje Jenèz 50:20, lè Jozèf te di frè l yo: “Malgre nou te vle fè m mechanste, Bondye te fè sa tounen yon byen.”