Al gade sa k anndan l

Frè Konstantin Bazhenov ki rankontre ak madanm li, Irina, pandan yon ti tan tou kout tousuit apre yo fin lage l. Pou kounye a, li nan yon sant kote sitwayen lòt peyi ap tann pou yo depòte yo.

5 ME 2021
LARISI

Larisi: Yo lage frè Konstantin Bazhenov, l ap tann pou yo depòte l ann Ikrèn

Larisi: Yo lage frè Konstantin Bazhenov, l ap tann pou yo depòte l ann Ikrèn

Nan dat 5 me 2021 an, santans frè Konstantin Bazhenov la fini e yo lage l. Li te nan yon prizon nan Dimitrovgrad. An me 2020, yo te anile natiralizasyon l antanke sitwayen ris, se sa k fè, yo te transfere l tousuit nan yon sant kote sitwayen lòt peyi ap tann pou yo depòte yo. Anvan lontan, y ap depòte l ann Ikrèn.