Al gade sa k anndan l

Frè Andrey Andreyev (nan mitan) ak (soti agoch pou al adwat) Albina; Svetlana madanm li; Anzhelika ak Anatoliy mari l; (ki bò kote l). Frè Andreyev ak madanm li ki reyini ansanm apre yo fin libere l.

27 FEVRIYE 2023
LARISI

Larisi: Yo libere frè Andrey Andreyev

Larisi: Yo libere frè Andrey Andreyev

Jou ki te 22 fevriye 2023 a, ototrite yo te lage frè Andrey Andreyev ki te nan yon prizon Larisi apre l te fin plis pase twazan nan prizon an.

Jou ki te 16 oktòb 2019 la, otorite yo te arete Andrey ansanm ak plizyè lòt frè apre yo te fin fouye kay plizyè Temwen Jewova nan Kousk epi poze yo kesyon. Apre Andrey te fin pase prèske 20 mwa nan detansyon pwovizwa, yo te kondane l pou l al nan prizon nan jou ki te 3 jen 2021 an.

Pandan Andrey te nan prizon pou lafwa l, li te fè tout sa l kapab pou l pran swen fanmi l nan domèn espirityèl, nou vle pale de Svetlana, madanm li, ak Anzhelika ak Albinade, de pitit fi l yo. Nan lèt li te konn ekri yo, li te konn ba yo ankourajman ki soti nan Bib la regilyèman. E li te menm ekri diskou maryaj Anzhelika a. Anzhelika te marye pandan Andrey te nan prizon. Men sa Anzhelika di: “Li te ekri yon bèl diskou ki touchan. Diskou a te vrèman touche tout envite yo nan maryaj la. . . e sa te ede nou santi se kòmsi li te la avèk nou nan maryaj la.”

Pou fanmi Andrey te ka vizite l nan prizon an, yo te konn vwayaje nan bis pandan 8 èdtan. Byenke sa te koute yo lajan, Svetlana di li menm ak pitit fi l yo te toujou jwenn sipò nan men frè ak sè nan zòn nan, ki te konn ba yo kote pou yo rete, ba yo manje epi ba yo woulib pou yo ale nan prizon an epi tounen sot nan prizon an. Gen kèk frè ki te konn menm kenbe plas pou yo nan liy, byen souvan pandan nuit lan, pou yo te ka vizite Andrey nan prizon an.

Yon gwoup ki gen zanmi ak fanmi frè Andreyev ap tann li nan moman y ap libere l sot nan prizon an.

Malgre Andrey te soufri fizikman akoz move tretman yo te ba li nan prizon an, li te rete djanm nan domèn espirityèl. Kalite li te demontre nan prizon an antanke kretyen te fè otorite yo nan prizon an gen respè pou li. Yo te menm ba li posiblite pou l resevwa plis vizit pase lòt prizonye yo paske l te te gen yon bon repitasyon. Konsènan kondanasyon Andrey te jwenn nan, men sa li di: “Mwen pa kenbe pyès moun sou kè, m pa fache, e se sèten mwen pa rayi pyès moun. Avèk èd Bondye, mwen pase eprèv la e m kontan.”

Nou sèten Jewova ap kontinye vide benediksyon sou Andrey pou tout efò li te fè pou l demontre lanmou antanke kretyen. — 1 Jan 4:16.