Al gade sa k anndan l

Syèj santral Sèvis Federal k ap siveye zafè lajan

13 JANVYE 2023
LARISI

Larisi kontinye ap mete sanksyon ekonomik sou plizyè santèn Temwen Jewova

Larisi kontinye ap mete sanksyon ekonomik sou plizyè santèn Temwen Jewova

Nan peyi Larisi, Sèvis federal k ap siveye zafè lajan (Rosfinmonitoring) se yon ajans gouvènman an mete sou pye pou siveye aksyon ki kontrè ak sa lalwa di sou zafè lajan, tankou moun k ap finanse òganizasyon ekstremis yo. Yo gen yon lis ki gen tout moun yo sispèk ki ekstremis oubyen ki nan aktivite teworis. Yo ka mete yon moun sou lis la menmsi pa gen yon tribinal ki jije moun nan pou di l koupab.

Depi lè tribinal lakou siprèm Larisi a te entèdi tout aktivite Temwen Jewova yo an 2017, yo te mete non 525 frè ak sè sou lis sa a. a Pami non sa yo gen non plis pase 100 Temwen ki granmoun.

Tout moun non yo sou lis la tonbe anba yon pakèt restriksyon ekonomik. Pa egzanp, yo bloke kont yo gen labank, yo jis pèmèt yo retire 10 000 woub (137 dola ameriken) pou chak moun nan fanmi an pou yo ka jwenn premye nesesite yo. Yo gen yon pakèt lòt restriksyon ki fè aktivite nòmal yo vin difisil anpil oubyen menm enposib. Pa egzanp yo gen gwo difikilte pou achte oswa vann kay, tè, machin, pou jwenn yon asirans, resevwa kèk avantaj yo bay moun ki pap travay, resevwa yon eritaj oswa prete kòb labank. Sa pi difisil pou Temwen ki enfim yo oubyen ki pran retrèt yo, paske se nan goumen pou yo rive pran swen sante yo epitou yo gen restriksyon nan kesyon transpò piblik.

Men sa frè Anton Chermnykh k ap viv nan Ousouriski e ki sou lis la depi desanm 2019 deklare: “Lè m al pran kòb y ap peye m nan labank, chak mwa m oblije pwouve se pa yon fason ki ilegal m fè lajan an. M dwe pote yon pakèt dokiman nan bank lan pou anplwaye yo skane epi voye yo Moskou. Gouvènman an pran de semèn pou l analize dokiman yo. Yo ban m randevou pou m retounen nan bank lan e lè sa a, yon anplwaye retire kòb la sou kont mwen, li ban mwen l, epi menm kote a yo bloke kont lan ankò. Lè nouvo anplwaye yo aprann non m sou lis la yo vin pè m.”

Malgre tout difikilte sa yo, frè ak sè nou yo toujou gen yon bèl mantalite. Yo te mete non frè Yuriy Belosludtsev sou lis la e dezan edmi apre sa, yo te kondane l pou sizan prizon si yo kenbe l ap fè menm bagay la ankò. Men sa l di: “Yo te bloke kont mwen te gen labank lan. Men, frè ak sè yo te ede mwen menm ak madanm mwen. Nou gen Jewova rekonesans pou tout èd nou jwenn yo.”

Nou konnen Jewova wè tout enjistis frè n ak sè n yo ap sibi nan peyi Larisi. N ap priye e nou gen konfyans Jewova ap kontinye pran swen yo nan eprèv sa a y ap andire a. — Matye 6:33.

a Rive desanm 2022, yo te retire non 35 frè ak sè sou lis la (Rosfinmonitoring) apre yo te fin pase tan yo te gen pou yo fè nan prizon oswa apre yo te peye yon amann.