Al gade sa k anndan l

Yo lage fè Vasiliy Meleshko e Zoya, madanm li, ansanm ak pitit gason yo a vin rankontre l. Ti foto ki anndan an: Vasiliy ak Zoya

16 JIYÈ 2024
LARISI

Larisi: yo lage frè Vasiliy Meleshko

Larisi: yo lage frè Vasiliy Meleshko

Nan dat 12 jiyè 2024 la, yo lage frè Vasiliy Meleshko. An 2021, yo te deklare l koupab e yo te kondane l pou twazan prizon.

Pandan frè Vasiliy te nan prizon, li te pase nan omwen sèt prizon diferan. Te gen yon lè, Zoya, madanm Vasiliy, pa t konn kote l te ye pandan prèske yon mwa. Sa te fè l enkyete anpil paske mari l gen kèk pwoblèm sante.

Men sa Zoya di ki te ede li menm ak Vasiliy andire pandan tan yo te fè lwen youn lòt la: “Nou te konnen Satan t ap byen kontan si nou te kite sitiyasyon an febli relasyon nou youn ak lòt ak relasyon nou ak Jewova.” Li di tou: “Se sa k fè, mwen menm ak Vasiliy te fè tout sa nou kapab pou n te kenbe ni relasyon nou gen youn ak lòt ni relasyon nou ak Jewova djanm. Vasiliy te konn ekri m bèl pawòl janti nan lèt li yo pou l fè m konnen li toujou renmen m e li pa t janm rate okazyon pou l fòtifye lafwa m.”

Nou kontan dèske frè Vasiliy ansanm Zoya e ak moun pa yo kounye a. Pandan n ap kontinye priye pou frè ak sè nou yo ki toujou nan prizon akoz lafwa yo, nou gen konfyans Jewova ap ede nou nan tout tribilasyon nou yo. — Sòm 55:22.