Al gade sa k anndan l

Frè Aleksandr Kabanov.

8 OUT 2022
LARISI

Lefètke frè Aleksandr Kabanov te prepare lespri l, sa ede l rete kalm

Lefètke frè Aleksandr Kabanov te prepare lespri l, sa ede l rete kalm

Tribinal vil Zelenogòsk, nan tèritwa Krasnoyask, gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Aleksandr Kabanov. Komisè a mande pou yo kondane l pou dezan edmi prizon.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 26 desanm 2019

    Yo te arete l e yo te akize l kòm moun k ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon ekstremis yo entèdi, paske l ap li Labib e l ap pale ak lòt moun de Jewova. Yo te mete l nan detansyon pwovizwa.

  2. 27 desanm 2019

    Yo te lage l apre jij la te rejte demann anketè a te fè pou yo mete l nan prizon annatandan yo jije l.

  3. 6 desanm 2021

    Frè Aleksandr te di dènye pawòl li yo devan tribinal la. Jij la pa t kondane l, okontrè, li te mande pou yo rejije ka a, sa ki pwolonje pwosesis la.

  4. 25 mas 2022

    Pwosè a rekòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Frè ak sè nou yo nan peyi Larisi se bèl egzanp moun ki gen lafwa pandan y ap viv pawòl ki nan Ezayi 12:2 a ki di: “Se Bondye ki delivrans mwen. M ap met konfyans mwen nan li e mwen pap pè anyen. Paske Ja, Jewova, se fòs mwen, li se pisans mwen e li se delivrans mwen.”