Al gade sa k anndan l

Frè Kirill Yevstigneev.

13 JANVYE 2022
LARISI

Lefètke frè Yevstigneev fè Jewova konfyans, sa ede l ret fidèl

Lefètke frè Yevstigneev fè Jewova konfyans, sa ede l ret fidèl

Dat ak evènman ki te pase

  1. Tribinal vil Nijni Novgowòd nan distri Leninski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Kirill Yevstigneev. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

  2. 8 oktòb 2021

    Pwosè a kòmanse. Kirill fè jij la konnen yo pa t reyini pou yon aktivite relijye men pou yon aktivite sosyal.

  3. 24 out 2021

    Otorite yo fè konnen Kirill pa ka vwayaje al kote l vle.

  4. 2 septanm 2020

    Yo lage akizasyon kriminèl sou do Kirill paske li swadizan ap bay kòb pou soutni aktivite ekstremis, e paske se li ki te responsab lwe yon sal konferans.

  5. 11 jiyè 2019

    Otorite yo gen je sou Kirill paske li siyen kontra pou yon sal konferans. Yo fouye kay li.

  6. 4 jen 2019

    Otorite yo kòmanse fè ankèt sou plizyè moun apre moun yo fin reyini ansanm, men otorite yo pa di sou kiyès y ap mennen ankèt.

  7. Avril 2019

    Kirill ak anpil Temwen Jewova nan Nijni Novgowòd lwe yon sal konferans pou yon aktivite sosyal yo te òganize.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou kontinye gen plis fòs lè nou tande jan Kirill, madanm li, ak tout frè ak sè y ap pèsekite nan peyi Larisi ak Krime, demontre yo gen kouraj. — Filipyen 1:13, 14.