Al gade sa k anndan l

Frè Aleksey Ukhov.

3 FEVRIYE 2022
LARISI

Lekti Labib ak meditasyon ede frè Aleksey Ukhov fè Jewova konfyans

Lekti Labib ak meditasyon ede frè Aleksey Ukhov fè Jewova konfyans

Tribinal tèritwa Kabaròvsk nan vil Sovetsko-Gavanski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Aleksey Ukhov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 22 oktòb 2020

    Ajan FSB yo te fouye kay fanmi Ukhov. Yo te sezi aparèy elektwonik, disk di, kat SIM, kat kredi, dokiman pèsonèl Ii genyen ak piblikasyon enprime. Anketè yo te kenbe l nan prizon.

  2. 23 oktòb 2020

    Tribinal la te bay lòd pou yo kenbe l nan prizon.

  3. 9 jiyè 2021

    Yo te lage l e yo te ba l lòd pou l pa kite zòn Komsomolsk-sou-Amou, kote yo te kenbe l nan prizon an.

  4. 6 septanm 2021

    Yo ouvri ankèt kriminèl kont li.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou konnen Jewova ap kontinye beni Aleksey paske li ‘mete konfyans li nan Sila a ki jije avèk jistis la’. — 1 Pyè 2:23.