Al gade sa k anndan l

Frè Danil Suvorov

16 DESANM 2022
LARISI

Li kontan malge difikilte yo

Li kontan malge difikilte yo

Tribinal santral distri Sochi a gen pou l fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsènen frè Danil Suvorov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Sa ankouraje n lè n konnen si n rete aktif nan aktivite espirityèl yo e si n rete pwòch Jewova, nou ka kontinye gen kè kontan kèlkeswa difikilte nou jwenn. — Sòm 16:11.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 13 out 2021

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont frè Suvorov paske gen yon moun k ap travay ak otorite yo, e ki te fè kòmsi li enterese nan Bib la, ki t al bay enfòmasyon sou frè Suvorov.

  2. 18 out 2021

    Yo fouye kay Danil. Yo arete l e yo mete l nan detansyon pwovizwa.

  3. 19 out 2021

    Yo mete l nan prizon annatandan yo jije l.

  4. 29 avril 2022

    Otorite yo akize l kòm moun k ap òganize, patisipe epi envite moun vin nan yon seri aktivite yon òganizasyon estremis.

  5. 10 jen 2022

    Pwosè a te kòmanse.

a b Nan moman yo t ap prepare atik sa a, frè Suvorov te nan prizon kote li t ap tann pou yo jije l, e nou pa t ka jwenn kòmantè nan men l.