Al gade sa k anndan l

Frè Pyotr Krupnov ak Maya, madanm li.

4 JANVYE 2022
LARISI

MIZAJOU | Frè Pyotr Krupnov ak Maya, madanm li, rive andire grasa preparasyon yo te fè e grasa bèl esperans yo genyen an

MIZAJOU | Frè Pyotr Krupnov ak Maya, madanm li, rive andire grasa preparasyon yo te fè e grasa bèl esperans yo genyen an

Nan dat ki te 9 mas 2022 a, tribinal rejyonal Penza a te rejte apèl frè Pyotr Krupnov ak Maya, madanm li, te fè a. Yo pa gen pou y al nan prizon pou kounye a.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 30 desanm 2021

    Tribinal rejyon Penza nan distri Nikòlski kondane frè Pyotr Krupnov ak Maya, madanm li, pou yo pase twazan nan prizon si yo arete yo pou menm bagay yo ankò. Yo pa gen pou y al nan prizon pou kounye a.

  2. 25 oktòb 2021

    Pwosè a kòmanse.

  3. 12 oktòb 2021

    Yo mete Pyotr ak Maya sou lis teworis ak ekstremis paske yo pale sou piblikasyon relijye ak zanmi yo.

  4. 15 septanm 2021

    Yo ouvri ankèt kriminèl kont Maya. Annapre yo te vin ouvri yon ankèt kont Pyotr tou.

  5. 11 oktòb 2020

    Ajan sekirite yo te fouye kay kat fanmi Temwen nan Nikòlsk, sa gen ladan l kay fanmi Krupnov.

Enfòmasyon pèsonèl

Sa ankouraje nou pou nou wè jan frè Pyotr ak Maya rete fidèl toutpandan yo kenbe esperans yo an fèm e yo konte sou Jewova. — Ebre 6:19.