Al gade sa k anndan l

Frè Sergey Belousov.

1YE AVRIL 2022
LARISI

MIZAJOU | Frè Sergey Belousov defann non Bondye

MIZAJOU | Frè Sergey Belousov defann non Bondye

Nan dat 30 jen 2022, tribinal rejyonal Tòmsk la rejte apèl frè Sergey Belousov te fè a. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.

Nan dat 14 avril 2022, tribinal vil Sevèsk nan rejyon Tòmsk kondane Sergey e li ba l twazan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Dat ak evènman ki pase

  1. 14 jiyè 2020

    Ajan FSB yo te rantre ak fòs nan sèt kay, san wete kay Sergey. Yon ajan gouvènman an ki pran pòz li enterese nan Labib te anrejistre reyinyon kongregasyon an an sekrè kèk mwa anvan sa.

  2. 25 mas 2021

    Yo te ouvri yon ankèt kriminèt kont Sergey.

  3. 30 mas 2021

    Yo te baze sou anrejistreman ajan gouvènman an te fè a pou yo akize Sergey. Yo te akize Sergey paske li patisipe nan sèvis relijye pa mwayen materyèl videyo konferans sou Entènèt, e yo te akize l tou paske li te chante kantik e li te priye Jewova Dye.

Enfòmasyon pèsonèl

Menm jan ak Sergey, pandan n ap fè lwanj pou non Jewova, nou gen konviksyon “L ap fè pèp li a vin gen plis fòs”. — Sòm 148:13, 14.