Al gade sa k anndan l

Tribinal Nijni Novgowòd nan distri Moskovski; Foto: Frè Maksim Zavrazhnov.

20 AVRIL 2022
LARISI

MIZAJOU | Maksim Zavrazhnov kontinye gen yon atitid pozitif

MIZAJOU | Maksim Zavrazhnov kontinye gen yon atitid pozitif

Nan dat 30 me 2022 a, tribinal vil Nijni Novgowòd nan distri Moskovski kondane frè Maksim Zavrazhnov e li ba l sizan prizon k ap aplikab si yo arete l pou menm bagay yo ankò. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 4 jen 2019

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl.

  2. 17 jiyè 2019

    Otorite yo akize l kòm moun k ap òganize aktivite ekstremis. Yo te arete l, poze l kesyon epi kenbe l nan prizon pandan nuit lan.

  3. 18 jiyè 2019

    Otorite yo entèdi Maksim sèvi ak telefòn oswa Entènèt, e yo entèdi l kite kay li ant 9:00 p.m. a 9:00 a.m.

  4. 3 fevriye 2020

    Yo te retire restriksyon yo.

  5. 26 fevriye 2020

    Otorite yo entèdi Maksim kite zòn li t ap viv la.

  6. 6 desanm 2021

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Tank y ap kontinye pèsekite frè ak sè nou yo nan peyi Larisi ak Krime, se tank n ap vin gen plis konfyans nan Jewova. Nou konnen li pap janm abandone moun ki fidèl avèk li yo. — Ebre 13:5.