Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Boris Andreyev, frè Anatoliy Li ak sè Nataliya Sharapova

6 ME 2024 | MIZAJOU: 11 JIYÈ 2024
LARISI

MIZAJOU — SANTANS PRIZON | “Jewova gen kontwòl tout bagay”

MIZAJOU — SANTANS PRIZON | “Jewova gen kontwòl tout bagay”

Nan dat 10 jiyè 2024, tribinal distri Korolski nan tèritwa Primorye deklare frè Boris Andreyev, frè Anatoliy Li ak sè Nataliya Sharapova koupab. Yo kondane frè Boris pou sizan prizon, frè Anatoliy pou sizan edmi prizon e sè Nataliya pou twazan prizon. Kòm yo te deja nan prizon annatandan yo te jije yo, y ap rete nan prizon.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans menm jan Jewova reponn priyè frè Anatoliy, frè Boris ak sè Nataliya, e li ba yo fòs pou yo andire, l ap fè menm bagay la pou nou. — Sòm 20:1.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 28 jiyè2022

    Yo ouvè yon dosye kriminèl

  2. 6 oktòb 2022

    Yo fouye douz kay nan bouk Yaroslavski. Yo mete frè Boris ak sè Nataliya nan yon prizon ki la pou kenbe moun pou yon ti tan

  3. 7 oktòb 2022

    Yo voye frè Boris ak sè Nataliya nan yon lòt prizon annatandan yo jije yo

  4. 12 oktòb 2022

    Yo mete frè Anatoliy nan yon prizon ki la pou kenbe moun pou yon ti tan

  5. 13 oktòb 2022

    Yo voye frè Anatoliy nan yon lòt prizon annatandan yo jije l

  6. 5 oktòb 2023

    Pwosè a kòmanse

a b c Pandan yo t ap prepare atik sa a, frè Andreyev, frè Li ak sè Sharapova te nan prizon, donk li pa t posib pou n te jwenn kòmantè yo.