Al gade sa k anndan l

Frè Ivan Shulyuk.

16 FEVRIYE 2022 | MIZAJOU: 10 ME 2023
LARISI

MIZAJOU — YO KONDANE FRÈ IVAN SHULYUK | Pasyans ede frè Ivan Shulyuk andire pèsekisyon

MIZAJOU — YO KONDANE FRÈ IVAN SHULYUK | Pasyans ede frè Ivan Shulyuk andire pèsekisyon

Nan dat ki te 10 me 2023, tribinal tèritwa Krasnoyask nan vil Nazawovo kondane frè Ivan Shulyuk pou l pase setan nan prizon si yo arete l pou menm bagay la ankò. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 18 jen 2020

    Lapolis te rantre ak fòs nan apatman fanmi Shulyuk epi y al ak Ivan. Yo te kenbe l nan prizon.

  2. 19 jen 2020

    Yon tribinal te bay lòd pou l al nan prizon.

  3. 9 jiyè 2020

    Yo te lage l. Li pa t ka kominike ak moun ki pa lakay li san li pa t jwenn pèmisyon pou sa. Yo te ba l lòd pou l pa kite kay li ant 6:00 a.m. a 11:00 p.m., sa ki te vin fè li pa t ka travay.

  4. 14 out 2020

    Anketè a t ap chèche bay Ivan plis restriksyon, men piske l gen bon repitasyon, sa pa t mache. Yo te retire pifò restriksyon yo te ba li.

  5. 17 out 2020

    Otorite yo fè l konnen li pa ka vwayaje al kote l vle.

  6. 15 septanm 2021

    Yo te kòmanse pwosè a.

Enfòmasyon pèsonèl

Ala nou rekonesan dèske “Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv”. — 2 Pyè 2:9.