Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Sè Nadezhda Korobochko, frè Igor Kletkin ak frè Nikolay Kononenko

1ye AVRIL 2024 | MIZAJOU: 30 JIYÈ 2024
LARISI

MIZAJOU — YO KONDANE TWA FRÈ AK SÈ | “M pa menm panse bay vag”

MIZAJOU — YO KONDANE TWA FRÈ AK SÈ | “M pa menm panse bay vag”

Nan dat 30 jiyè 2024 la, tribinal vil Nikolaevsk-sou-Amou, nan tèritwa Kabawòsk kondane frè Igor Kletkin, frè Nikolay Kononenko ak sè Nadezhda Korobochko. Yo kondane frè Igor ak frè Nikolay pou yo pase sizan nan prizon si yo arete yo ankò pou menm bagay yo. Yo kondane sè Nadezhda pou l pase senkan nan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Yo pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou di Jewova mèsi pou lanmou ak bonjan èd li bay tout moun ki gen konfyans nan li e ki di: “Se ou menm ki Bondye m.” — Sòm 31:14.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 11 oktòb 2021

    Yo fouye kay frè Igor ak sè Nadezhda. Yo mete Igor nan yon prizon ki la pou yo mete moun pou yon ti tan

  2. 12 oktòb 2021

    Yo pase Nadezhda entèwogatwa

  3. 13 oktòb 2021

    Yo lage Igor

  4. 14 oktòb 2021

    Igor ak Nadezhda pa ka vwayaje al kote yo vle

  5. 27 septanm 2022

    Nikolay pa ka vwayaje al kote l vle

  6. 16 janvye 2023

    Pwosè a kòmanse