Al gade sa k anndan l

Frè Oleg Sirotkin

2 DESANM 2022
LARISI

“Mwen ap fè yon bagay ki vrèman enpòtan”

“Mwen ap fè yon bagay ki vrèman enpòtan”

Tribinal distri Leninski nan Tanmbòv gen pou l fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsènen frè Oleg Sirotkin. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo bay frè Oleg.

Enfòmasyon pèsonèl

Egzanp Oleg la se yon bon egzanp ki montre lè yon moun gen gwo lafwa nan Jewova li “pap pè move nouvèl. Kè li fèm, li met konfyans li nan Jewova”. — Sòm 112:7.

Dat ak evènman ki te pase

  1. Mas 2021

    Otorite yo te kòmanse siveye Oleg an sekrè. Yo te mete aparèy pou anrejistre son nan salon l e yo te ka pran foto ekran òdinatè l pou yo wè sa l t ap fè sou li.

  2. 14 septanm 2021

    Ankèt kriminèl la te kòmanse.

  3. 21 septanm 2021

    Otorite yo te fouye lakay Oleg. Yo te pran òdinatè l ak lòt dosye pèsonèl li e yo te kenbe yo kòm prèv.

  4. 22 oktòb 2021

    Yo te sezi machin li.

  5. 11 avril 2022

    Pwosè a te kòmanse.