Al gade sa k anndan l

Frè Ildar Urazbakhtin.

18 OKTÒB 2022
LARISI

“Mwen fyè dèske mwen pote non Jewova”

“Mwen fyè dèske mwen pote non Jewova”

Jou ki te 10 oktòb 2022 a, tribinal distri Kejemski, nan tèritwa Krasnoyask, te kondane frè Ildar Urazbakhtin pou l pase twazan nan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 20 jiyè 2021

    Yo te fouye omwen senk kay Temwen Jewova nan vil Kodinsk, e kay frè Ildar ak fanmi l te ladan l tou. Yo te mete l nan detansyon pwovizwa.

  2. 21 jiyè 2021

    Yo lage l e yo entèdi l kite kay li. Yo entèdi l sèvi ak telefòn oswa ak Entènèt.

  3. 20 septanm 2021

    Li ka deplase kite kay li jan l vle kounye a, men, yo entèdi l vwayaje.

  4. 13 janvye 2022

    Yo akize l paske l t ap fè yon reyinyon pa mwayen videyokonferans kote l t ap “ankouraje moun etidye Bib la afon e l t ap ankouraje frè ak sè yo pou youn soutni lòt”.

  5. 30 mas 2022

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsònèl

Eksperyans frè Ildar ak lòt frè ak sè nan Larisi fè yo fè nou sonje Jewova, Bondye nou an, swaf e l pare pou l ede nou “nan moman difisil yo”. — Sòm 46:1.