Al gade sa k anndan l

Frè  Igor Gusev.

15 novanm 2022
LARISI

Mwen jwenn ankourajman lè m wè jan lòt moun andire anba pèsekisyon

Mwen jwenn ankourajman lè m wè jan lòt moun andire anba pèsekisyon

Tribinal Krasnoyask nan distri Jeleznodowozni gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Igor Gusev. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 21 me 2020

    Otorite yo kontakte l pou premye fwa pou poze l kesyon sou ka ki konsène frè Vitaliy Sukhov.

  2. 17 fevriye 2022

    Yo ouvri yon ankèt kont frè Igor, paske yo akize l kòm moun k ap òganize aktivite pou yon òganizasyon relijye yo entèdi.

  3. 23 out 2022

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou menm tou, bèl egzanp kouraj frè ak sè nou yo demontre ban nou fòs. E pandan n ap “egzamine rezilta konduit yo”, sa pouse nou “imite lafwa yo.” — Ebre 13:7.