Al gade sa k anndan l

Frè Aleksey Kupriyanov ak Yelena, madanm li.

16 FEVRIYE 2023
LARISI

“Mwen te vin gen plis rekonesans pou sa Jewova ban nou”

“Mwen te vin gen plis rekonesans pou sa Jewova ban nou”

Tribinal vil Kovrovski nan rejyon Vladimi gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Aleksey Kupriyanov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou menm tou, nou pran detèminasyon pou nou sèvi ak sa Jewova ban nou yo pou ede nou “abiye nou ak tout ekipman konba” a pou nou ka “kenbe fèm kont manèv Dyab la”. — Efezyen 6:11.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 17 fevriye 2021

    Otorite yo fouye sèt kay Temwen Jewova, sa gen ladan l kay fanmi Kupriyanov. Yo te poze 23 frè ak sè kesyon.

  2. 28 jen 2021

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont li. Yo akize l kòm moun k ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon ekstremis paske l ap asiste reyinyon.

  3. 8 jiyè 2021

    Yo fouye kay la yon dezyèm fwa. Yo te poze l kesyon e yo te mete l nan detansyon pwovizwa.

  4. 9 jiyè 2021

    Yo transfere l nan yon prizon anntandan yo jije l.

  5. 19 novanm 2021

    Li pa nan prizon ankò, li lakay li men l pa gen libète pou l al kote l vle.

  6. 21 jen 2022

    Yo pèmèt li kite kay li, men yo mete restriksyon sou kote li ka ale ak sou sa l ka fè.

  7. 4 oktòb 2022

    Pwosè a kòmanse.