Al gade sa k anndan l

Sot agoch al adwat: Frè Andrey Andreyev, frè Artem Bagratyan ak madanm li, Alevtina, ak frè Andrey Ryshkov.

16 MAS 2021
LARISI

Nan rejyon Kousk, yon mari ak madanm li ansanm ak de lòt frè ka al nan prizon poutèt lafwa yo

Nan rejyon Kousk, yon mari ak madanm li ansanm ak de lòt frè ka al nan prizon poutèt lafwa yo

MIZAJOU | Yo kondane yon mari ak madanm li ak twa lòt frè nan Larisi

Nan dat 3 jen 2021 an, tribinal rejyonal travay nan Kousk kondane yon mari ak madanm li ansanm ak twa lòt frè. Yo kondane frè Andrey Andreyev pou katran edmi prizon e yo kondane frè Andrey Ryshkov pou twazan prizon. Yo kondane frè Artem Bagratyan pou dezan edmi prizon e yo kondane madanm li, Alevtina, pou dezan prizon. Frè Aleksandr Vospitanyuk, ki te vin ajoute nan dosye a, ap fè dezan kote l ap sou siveyans e l ap gen kèk lòt restriksyon.

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal rejyonal travay nan Kousk la ap gen pou l egzamine ka ki konsène frè Andrey Andreyev, frè Andrey Ryshkov ak frè Artem Bagratyan ak madanm li, Alevtina. a

Enfòmasyon pèsonèl

Andrey Andreyev

  • Dat ak kote li fèt: 1976 (Kousk).

  • Byografi: Li marye ak Svetlana an 1999. Yo leve de pitit fi ansanm. Li te vin enterese nan Labib lè l te aprann jan pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Li te batize an 2002.

Alevtina Bagratyan

  • Dat ak kote li fèt: 1977 (Kousk).

  • Byografi: Li te renmen desen, tablo, mizik ak dans lè l te timoun. Li te kòmanse etidye Bib la pandan l te byen jèn. Li te batize an 1997. Li te marye ak Artem an 2012. Li travay kòm kwafèz e l ap pran swen manman l.

Artem Bagratyan

  • Dat ak kote li fèt: 1972 (Abovyan, Ameni).

  • Byografi: Li te kite Ameni pou l al viv Larisi. Li te rankontre Alevtina nan Kousk. Yo toude renmen sa ki gen nan kreyasyon an. Li te batize nan ane 2000.

Andrey Ryshkov

  • Dat ak kote li fèt: 1987 (Kousk).

  • Byografi: Papa l mouri lè l te timoun. Li te pase pifò tan l lè l te jèn ak granpè l, paske manman l te nan de djòb. Li te vin enterese nan Labib lè l te fin jwenn repons pou kèk kesyon ki t ap toumante l pandan anpil ane. Li te batize an 2011. Li te marye ak Marina an 2016. Anvan, travay li se te fè mentnans nan kay.

Sa k te pase

Plizyè ajan Sèvis sekirite federal la (FSB) te fouye kay anpil Temwen Jewova nan Kousk nan dat 16 oktòb 2019 la e yo te poze yo anpil kesyon. Se konsa yo te arete frè Andrey Andreyev ansanm ak frè ak sè Bagratyan. Apre sa, otorite yo te arete frè Ryshkov 21 janvye 2020. Yo te lage Alevtina Bagratyan nan dat 17 desanm 2020, apre l te fin fè plis pase 13 mwa nan prizon kote yo kenbe moun anvan yo jije yo. Kounye a, li lakay li sou siveyans. Twa frè yo toujou nan prizon kote yo kenbe moun anvan yo jije yo.

Artem Bagratyan malad, li fè sik. Men sa Alevtina di lè l sonje peryòd kote li menm ak mari l pa t nan menm selil prizon: “Pandan yon bon tan, m pa t ka konn kòman l ye, m pa t ka konnen si sante l t ap vin pi mal. Li te manke m anpil anpil.”

Alevtina fè konnen li gen konfyans Jewova ap pran swen ni li menm ni twa frè yo ki toujou nan prizon. Li di: “[Jewova] toujou ban m fòs. M konnen l ap kontinye fè sa. M pa gen okenn dout sou sa.”

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye montre li se yon fò ki byen solid pou twa frè nou yo ak sè nou an pandan eprèv sa a ap kontinye. — Pwovèb 18:10.

a Yo pa toujou fè konnen alavans ki lè y ap bay desizyon yo.