Al gade sa k anndan l

10 FEVRIYE 2021
LARISI

Otorite nan peyi Larisi yo fouye omwen 15 kay Temwen nan zòn Moskou

Otorite nan peyi Larisi yo fouye omwen 15 kay Temwen nan zòn Moskou

Byen bonè nan jou ki te 10 fevriye 2021 an, otorite nan peyi Larisi yo te fouye omwen 15 kay frè ak sè nan Moskou ak nan zòn ki ozalantou yo. Lapolis ansanm ak ofisye nan Sèvis sekirite federal la (FSB) te la nan fouy ki t ap fèt yo. Yo te mennen plizyè frè ale pou yo poze yo kesyon. Gen omwen twa frè yo kenbe nan prizon.

N ap kontinye priye pou frè ak sè nou yo nan peyi Larisi, e nou konnen Jewova ap ba yo fòs pou yo andire pèsekisyon sa a. — 1 Pyè 5:10.